Pwovèb 25

25
Lòt pwovèb wa Salomon
1Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se #Pwo 1.1 moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye.
2Bondye #Det 29.29; Wòm 11.33 konnen lè pou l kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo.
3Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa.
4Wete #Mal 3.2,3 tout vye kras ki nan ajan an. Ofèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt. 5Wete #Pwo 16.12 tout mechan bò kote wa a, gouvènman l lan ap chita byen chita. P'ap gen lenjistis.
6Pa #Lik 14.8-11 fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo. 7Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
8Sa #Mat 5.25; Lik 12.58 ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?
9#Mat 18.15 ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l deyò. 10Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non.
11#Pwo 15.23 ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
12#Pwo 15.31 yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
13Yon #Pwo 13.17 komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouray mèt li.
14Moun #Pwo 20.6; Jid 12 ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nyaj ak van ki pa janm pote lapli.
15#Pwo 16.14; Ekl 10.4 ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwenn pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
16Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi. 17Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou.
18Yon moun k'ap mache bay manti sou moun,#Pwo 24.28 se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.
19Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.
20Chante mereng pou moun ki nan lapenn, se tankou dezabiye li nan fredi.
21Si #2 Wa 6.22; Mat 5.44; Wòm 12.20 lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè. 22Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou.
23Tripotay fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.
24Pito #Pwo 21.9 ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.
25Lè ou resevwa yon bòn nouvèl ki sòti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.
26Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l, se tankou yon pi yo sal.
27 # 25.27: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Twòp #Pwo 27.2 siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.
28Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an