Pwovèb 25:1-28

Pwovèb 25:1-28 HAT98

Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye. Bondye konnen lè pou l kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo. Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa. Wete tout vye kras ki nan ajan an. Ofèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt. Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l lan ap chita byen chita. P'ap gen lenjistis. Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo. Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la. Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè? Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l deyò. Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non. Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan. Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou. Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouray mèt li. Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nyaj ak van ki pa janm pote lapli. Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwenn pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou. Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi. Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou. Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou. Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule. Chante mereng pou moun ki nan lapenn, se tankou dezabiye li nan fredi. Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè. Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou. Tripotay fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli. Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan. Lè ou resevwa yon bòn nouvèl ki sòti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn. Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l, se tankou yon pi yo sal. Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp. Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an