Pwovèb 21

21
1Senyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije #Esd 6.22 yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l kote li vle.
2Lèzòm #1 Sam 16.7; Pwo 16.2; 24.12; Lik 16.15 mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Senyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.
3#1 Sam 15.22; Oze 6.6 sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Senyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
4#Sòm 101.5; Pwo 6.17 awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.
5#Pwo 10.4; 19.2 ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.
6Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.
7Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye.
8Moun #Pwo 2.15 k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat.
9Pito #Pwo 25.24 ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont.
10Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pèsonn.
11#Pwo 19.25 yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l, li vin gen plis konesans.
12 # 21.12: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Bondye #Sòm 37.35,36 pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo.
13Si #Mat 7.2; 18.30-34 ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pèsonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
14Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l.
15#Pwo 10.29 yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.
16Lè yon moun pèdi chemen l pou l aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon.
17Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.
18#Pwo 11.8 pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe.
19Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.
20Moun #Jòb 20.15,18; Sòm 112.3 ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
21#Pwo 15.9; Mat 5.6; 6.33 yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.
22Yon #2 Sam 5.6-9; Ekl 7.19 nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an.
23Veye #Pwo 13.3 bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.
24Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pèsonn.
25Parese #Pwo 13.4 pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l la tou.
26Tout #Sòm 37.26 lajounen l'ap kalkile sou sa l ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.
27Senyè a #Pwo 15.8; Eza 66.3 pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
28 # 21.28: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Temwen #Pwo 19.9 k'ap bay manti gen pou l mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di.
29Mechan toujou pran pòz radi l. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.
30Devan #Pwo 19.21; Eza 8.10 Senyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
31Moun #Sòm 20.7; Jer 3.23 pare chwal pou y'al fè lagè, men se Senyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an