Pwovèb 20

20
1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp #Jen 9.21; Pwo 23.29-32; Eza 28.7 gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
2#Pwo 8.36; 19.12 yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
3Se #Jen 13.7-9; Pwo 17.14 bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.
4Parese #Pwo 19.15,24 pa pare tè li lè pou l te pare l, li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l.
5Lide #Pwo 18.4 yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
6Anpil #Pwo 25.14; Jer 5.1; Mat 6.2; Lik 18.8 moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7#1 Wa 15.4; Sòm 112.2 yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8#Pwo 16.10 yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki #Jòb 15.14; Ekl 7.20 moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Senyè a #Pwo 11.1 pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon #Mat 7.16 timoun moutre ou sa l'ap sòti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
12Se #Egz 4.11; Sòm 94.9 Senyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13Pa #Pwo 12.11; 19.15; Wòm 12.11 renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.
14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
15#Jòb 28.18 moun konprann pale, sa gen plis valè pase kantite lò ak kantite pyè koute chè.
16Si #Pwo 27.13 yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
17Lajan #Pwo 9.17 ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fenk genyen l. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18Pran #Pwo 11.14; 24.6 konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
19Bouch #Pwo 11.13; 13.3 alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20Moun #Egz 21.17; 2 Sam 21.17; Jòb 18.5 ki bay manman l ak papa l madichon p'ap viv lontan.
21Richès #Pwo 13.11 ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22Pa #Sòm 27.14; Pwo 24.29; Wòm 12.17,19; 1 Pyè 3.9 janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l'a delivre ou.
23Senyè a #Pwo 20.10 pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24Se #Pwo 16.9 Senyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25Pa #Ekl 5.2,5 prese fè Bondye pwomès. Ou ka regrèt sa pita.
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27Se #Sof 1.12; 1 Kor 2.11 Senyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28Yon #Pwo 16.12 wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.
29Se #Pwo 16.31 kouray ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l yo ki fè valè l.
30Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an