Nonb 5

5
Moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Bay #Lev 13.45,46; 15.2; 21.1; Nonb 12.10,14; 19.11,13 moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri. 3Wi, #Egz 25.8; 29.45; Lev 26.11,12 se pou nou mete tout moun ki pa nan kondisyon pou sèvi m yo deyò nan kan an, fanm kou gason, pou yo pa mete kan kote m'ap viv nan mitan pèp mwen an nan kondisyon li pa ka sèvi m.
4Se konsa, moun pèp Izrayèl yo fè sa Senyè a te di Moyiz la. Yo mete tout moun sa yo deyò nan kan kote yo rete a.
Sèvis reparasyon peche
5Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
6— Pale #Lev 6.2,3 ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl li ak Senyè a, l'al fè yon bagay mal kont yon moun, li antò. 7Moun #Lev 5.5; 6.5; Joz 7.19 ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa li te pran an bay moun li te fè tò a plis ven pou san lavalè. 8Men, #Lev 6.6,7 si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt li a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l bay Senyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l te fè ki mal la. 9Tout #Nonb 18.19 ofrann yo pran nan bagay moun Izrayèl yo konsakre pou Senyè a va rete pou prèt yo jwenn pou fè ofrann lan. 10Tout #Lev 10.12,13 ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou.
Jalouzi yon nonm pou madanm li
11Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
12— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l, 13si #Lev 18.20; Jan 8.4 lòt gason kouche ak li san mari li pa konnen, si li te kache pandan li t'ap fè bagay ki mete li nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pale kont li, ni yo pa te kenbe li nan men, 14osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l vre, kit li pa fè l, 15nonm #Lev 2.1; 5.11; 1 Wa 17.18; Eze 29.16 lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l ka konn verite a.
16Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Senyè a. 17Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l nan dlo a. 18Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Senyè a, l'a dekwafe li epi l'a mete ofrann farin lan nan mitan plamen li. Prèt la menm va kenbe nan men li veso ki gen dlo anmè a, dlo k'ap rale madichon an. 19Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di li konsa: Si ou pa bay lòt gason kouche ak ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou pa ka fè sèvis Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki rale madichon an, anyen p'ap rive ou. 20Men si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye paske gason ki pa mari ou te kouche ak ou, 21se #Jer 29.22 pou Senyè a fè tout moun pran non ou sèvi madichon. Se pou li fè ou pa janm ka fè pitit. Se pou vant ou vin anfle. 22Se #Det 27.15; Sòm 109.18 pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l anfle, pou l fè ou pa ka janm fè pitit.
Madanm lan va reponn:
— Mwen dakò. Se pou Senyè a fè m sa vre, si m antò!
23Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l te ekri a. 24Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l ba li gwo doulè nan vant. 25Prèt #Lev 8.27 la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l sou lotèl la. 26Apre #Lev 2.2,9; 5.12 sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l bay Bondye, l'a boule l sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Senyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a.
27Si #Det 28.37; Jer 24.9; Zak 8.13 fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l, dlo a va desann nan kò l, l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l va sèvi pou bay madichon. 28Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l, l'ap toujou ka fè pitit.
29Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l, lè li lage kò l nan dezòd pou l fè sa li pat dwe fè, 30osinon lè yon nonm sispèk madanm li ap twonpe l. L'a mennen madanm lan devan lotèl Senyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan. 31Mari a #Eze 18.4 p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si li antò, va pote chay peche l la.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte