Nonb 4

4
Reskonsabilite moun fanmi Keyat yo
1Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2— Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 3Pran #Nonb 4.23,30,35,39,43,47; 8.24; 1 Kwo 23.3,24,27 non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 4Men #Nonb 4.19 travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Senyè a.
5#Egz 25.10,16; 26.31 lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li. 6Y'a #Egz 25.13 mete yon premye gwo n'ap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l ak yon dezyèm n'ap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.
7Y'a #Egz 25.23-30; Lev 24.6,8 kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Senyè a va toujou rete sou li tou. 8Y'a #Egz 25.28 voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon n'ap fèt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo.
9Y'a #Egz 25.31-38 pran yon dra tou ble, y'a kouvri gwo lanp sèt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensèt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo. 10Y'a vlope yo ansanm nan yon n'ap an po bazann, epi y'a mete l sou yon branka pou pote l. 11Apre #Egz 30.1,3,5 sa, y'a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y'a kouvri l nèt ak yon n'ap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo. 12Y'a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Sènyè a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon n'ap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo. 13Y'a wete sann ki sou lotèl la, epi y'a kouvri lotèl la ak yon dra wouj. 14Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l ak yon n'ap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.
15#Nonb 3.31; 7.9; 2 Sam 6.6,7 lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Senyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gendwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Senyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri.
Se tout reskonsabilite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.
16Eleaza, #Egz 25.6; 29.40,41; 30.25,34,35; Nonb 3.32 pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Senyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l, menm kote ki apa nèt pou Senyè a ak bagay ki ladan l yo.
17Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
18— Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo. 19Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote. 20Men, #Egz 19.21; 1 Sam 6.19 moun Keyat yo pa janm gendwa antre al gade lè y'ap vlope bagay ki apa nèt pou Senyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri.
Reskonsabilite moun fanmi Gèchon yo
21Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
22— Fè resansman tout gason moun Gèchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 23Pran non tout gason, soti trantan rive senkantan, tout sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 24Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote: 25lèz #Egz 26.1-14,36; Nonb 3.25,26 twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a, 26rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòday yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo. 27Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l yo. Y'a fè tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a. 28Sa se tout reskonsabilite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè.
Reskonsabilite moun fanmi Merari yo
29Senyè a di Moyiz ankò:
— W'a fè resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 30W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 31Se #Nonb 3.36 yo menm k'ap reskonsab pote ankadreman, travès, poto ak sipò kay Bondye yo, 32poto, #Nonb 3.37 sipò, pikèt ak kòday pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l pote a. 33Se tout reskonsabilite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fè nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki va ba yo sa pou yo fè.
Resansman moun fanmi Levi yo
34Dapre lòd Senyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 35Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 36Yo jwenn demil sètsansenkant (2.750) gason antou nan 37tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Senyè a te bay Moyiz la.
38Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 39Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 40Yo jwenn demil sisantrant (2.630) gason 41nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Senyè a te bay Moyiz la.
42Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 43Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 44Yo jwenn twamil desan (3.200) gason 45nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Senyè a te bay Moyiz la.
46Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 47Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l lè y'ap deplase. 48Yo jwenn antou witmilsenksankatreven (8.580) gason.
49Se konsa, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Senyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte