Nonb 20

20
Izrayèl rive Kadès
(Egzòd 17.1-7)
1Sou premye mwa a, tout moun pèp #Nonb 12.1; 33.36 Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l.
2Men, #Egz 17.1; Nonb 16.42 pat gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo. 3Pèp #Egz 17.2; Nonb 11.1,33; 16.49 la fè kont ak Moyiz, yo di l konsa:
— Pa pito nou te mouri devan lotèl Senyè a ansanm ak lòt frè nou yo! 4Poukisa #Egz 17.3 ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Senyè a, ansanm ak tou bèt nou yo? 5Poukisa ou fè nou sòti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye resen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè!
6Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y'ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo. 7Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
8— Pran #Egz 17.5; Sòm 78.15,16 baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo sòti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.
9Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Senyè a te ba li lòd la. 10Moyiz #Sòm 106.32,33 ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo:
— Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo sòti nan wòch sa a pou nou?
11Moyiz #Egz 17.6 leve men l, li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
12Men, #Egz 17.7; Nonb 27.14; Det 1.37; 32.51 Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
— Paske nou pat fin gen konfyans nèt nan mwen pou n te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.
13Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Senyè a. Se la Senyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.
Wa peyi Edon yo pa vle bay Izrayèl pasaj
14Moyiz #Det 23.7; Jij 11.16,17; Abd 10,12 rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l konsa:
— Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase. 15Ou #Jen 46.6; Egz 1.11; 12.40 konnen ki jan zansèt nou yo te desann al rete nan peyi Lejip pandan lontan, ki jan moun peyi sa a tonbe maltrete nou menm jan yo te maltrete zansèt nou yo. 16#Egz 2.23; 3.2,7; 14.19 nou wè sa, nou rele nan pye Senyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou sòti kite peyi Lejip sa a. Kounyeya, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fontyè peyi ou la. 17Tanpri, n'ap mande ou yon ti pèmisyon pou nou pase ase nan mitan peyi ou la. Nou p'ap kite wout nou pou n pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata dlo nan pi ou yo nou p'ap bwè. Nou p'ap kite gran chemen w'a moutre nou an, nou p'ap vire ni adwat ni agòch, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi a.
18Wa Edon an voye di yo:
— Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou.
19Men, #Det 2.6,28 moun pèp Izrayèl yo voye di l ankò:
— Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay!
20Men, wa Edon an voye di yo ankò:
— Non! Nou p'ap pase menm!
Epi li sòti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo. 21Se #Det 2.27,29; Jij 11.18 konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout.
Lanmò Arawon
22Tout #Nonb 33.37 moun pèp Izrayèl yo kite Kadès, yo rive sou Mòn Or la, 23ki te toupre fontyè peyi Edon an. Antan yo la, Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
24— Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m bay moun pèp Izrayèl yo. Mesye pral mouri, li pra l jwenn moun li yo ki te mouri anvan l yo, paske nou tou de, nou pat fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a. 25Pran Arawon ak Eleaza, pitit gason l lan, moute sou mòn Or la ak yo. 26W'a wete rad espesyal ki sou Arawon yo, w'a mete yo sou Eleaza, pitit gason l lan. Se la sou mòn lan Arawon pral mouri.
27Moyiz fè tou sa Senyè a te mande l fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la. 28Lèfini, #Egz 29.29,30; Nonb 33.38,39; Det 10.6 Moyiz wete rad espesyal ki te sou Arawon yo, li mete yo sou Eleaza, pitit gason Arawon an. Se la sou tèt mòn lan Arawon mouri. Apre sa, Moyiz ak Eleaza desann desann yo sou mòn lan. 29Tout #Det 34.8 pèp la vin konnen Arawon te mouri. Se konsa tout moun nan pèp Izrayèl la pase trant jou ap kriye pou Arawon.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte