Nonb 19

19
Sann kadav gazèl wouj la
1Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2— Men #Det 21.3; 1 Sam 6.7 regleman Senyè a bay pou yo swiv tankou yon lwa. Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl la fè ou jwenn yon gazèl koulè woukou ki pa gen okenn enfimite epi ki poko janm travay. 3W'a renmèt Elyaza, prèt la li. L'a fè li soti deyò limit kan moun yo rete a epi l'a fè yo touye li devan li. 4Apre #Lev 4.6,17 sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a. 5Lèfini, #Egz 29.14; Lev 4.11,12 y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la. 6Prèt #Lev 14.4 la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a. 7Apre #Lev 15.5; 16.28 sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 8Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou li a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 9Yon #Lev 6.11 lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va ranmase tout sann gazèl woukou a, l'a mete li yon kote ki konsakre pou Bondye deyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal. 10Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou li a, epi li p'ap nan kondisyon pou l fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo.
Regleman pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye
11Depi #Nonb 31.19 yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou Bondye. 12L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye. 13Depi #Lev 15.31; 22.3 yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras la, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pat voye sou li dlo pou mete li nan bon kondisyon an, li pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.
14Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. 15Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye. 16Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l, osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l sèvi Bondye pandan sèt jou.
17Si #Eb 9.13 yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li. 18Nan #Egz 12.22; Sòm 51.7 premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri. 19Sou #Lev 14.9 twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou li a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche l'a nan kondisyon ankò pou l fè sèvis Bondye.
20Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l pa derespekte l. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.
21Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l nan bon kondisyon an, va gen pou l lave rad ki te sou li a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a.
22Depi #Aje 2.13 yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l sèvi Bondye jouk aswè rive.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte