Nonb 16

16
Revòl Kore, Datan ak Abiram
1Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Riben. 2Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil. 3Yo #Egz 19.6; 29.45; Sòm 106.16-18 tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa:
— Aa non mesye, sa se twòp atò! Tout moun nan kominote a, se pou Senyè a y'ap viv. Senyè a nan mitan nou tout. Atò poukisa, nou menm, Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou konsa anwo pèp Senyè a?
4Lè Moyiz tande sa, li lage kò l atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l yo konsa:
5— Denmen #Egz 28.1; Lev 10.3; 1 Sam 2.28; Sòm 65.4; Eze 44.15,16; 2 Tim 2.19 maten, Senyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou li ak ki moun ki gendwa pwoche bò kote l. Moun l'a kite pwoche bò kote l la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi. 6Men sa pou n fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife. 7Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotèl Senyè a. Konsa, moun Senyè a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou li a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen kounyeya!
8Moyiz di Kore konsa:
— Koute non, nou menm pitit Levi yo! 9Apre #Det 10.8 tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l, pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo. 10Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l. Epi kounyeya, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo! 11#Egz 16.7,8 ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Senyè a menm wi nou pran pozisyon.
12Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz:
— Nou p'ap vini. 13Ou #Egz 2.14 fin fè nou kite yon ti peyi kote lèt ak siwomyèl te tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulyeya, ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò! 14Ou mèt di sa ou vle, men peyi ou mennen nou an pa menm gen lèt ak siwomyèl ankantite! Ou pa ban nou okenn jaden pou nou simen, ni okenn jaden rezen jan ou te di ou t'ap ban nou an. Atò ou kwè ou ka pete moun sa yo? Non, nou p'ap vini.
15#Jen 4.4,5; 1 Sam 12.3 sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Senyè a konsa:
— Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.
16Apre sa, Moyiz di Kore konsa:
— Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotèl Senyè a. Arawon va la tou. 17Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l, epi y'a pote recho yo devan Senyè a. Sa va fè desansenkant (250) recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou.
18Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l, yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon. 19Kore #Lev 9.23 te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la. 20Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
21— Wete #Jen 19.15; Egz 33.5 kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo kounyeya.
22Men #Jen 18.23-25; Nonb 27.16; 2 Sam 24.17; Jòb 12.10; Ekl 12.7; Eza 57.16; Zak 12.1; Eb 12.9 Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di:
— O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l pat dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
23Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
24— Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a.
25Moyiz leve, l'al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l tou. 26Li #Jen 19.12-14; Eza 52.11; Rev 18.4 pale ak pèp la, li di yo:
— Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a.
27Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a.
Datan ak Abiram menm sòti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 28Moyiz #Jer 23.16; Eze 13.2 di pèp la konsa:
— Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Senyè a menm ki te voye m fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo. 29Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Senyè a ki te voye m. 30Men, si Senyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Senyè a menm yo t'ap derespekte konsa.
31Fini #Jid 11 li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram. 32Li #Sòm 106.17 vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo. 33Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la. 34Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di:
— Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
35Menm #Lev 10.2; Sòm 106.18 lè a tou, Senyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.
Recho dife yo
36 # 16.36—17.13: Koresponn ak chapit 17.1-28 nan tèks ebre a. Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
37— Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen. 38Wi, #Nonb 17.10; 26.10; Pwo 20.2; Aba 2.10 yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Senyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fen pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.
39Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la 40pou #Nonb 3.10 sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gendwa pwoche devan lotèl Senyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Senyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Revòl kont Moyiz ak Arawon
41Nan #Nonb 14.2 denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di:
— Se nou menm ki lakòz moun pèp Senyè a ap mouri konsa.
42#Egz 40.34; Nonb 14.10 pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nyaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye a parèt tankou yon gwo limyè. 43Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a. 44Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
45— Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo kounyeya menm!
De mesye yo tonbe fas atè. 46Epi #Lev 10.6; Nonb 8.19; 11.33; 1 Kwo 27.24 Moyiz di Arawon konsa:
— Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l al jwenn pèp la. W'a fè sevis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Senyè a fache anpil, li gentan pran desizyon l. Malè a konmanse deja.
47Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. 48Se #2 Sam 24.25 konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò. 49Te gen katòzmil sètsan moun (14.700) antou ki te mouri nan malè-sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.
50Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte