Nonb 15

15
Regleman sou lòt ofrann yo
1Senyè a pale ak Moyiz ankò, li di l konsa:
2— Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a, 3#Egz 29.18; Lev 1.2-9; 22.21; 23.4 n'ap ofri yon towo bèf osinon yon mouton oswa yon kabrit pou yo boule nèt pou Senyè a tankou yon ofrann bon sant li ap fè Senyè a plezi, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske, nou menm, nou te fè lide fè yon ofrann osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive, 4wi, #Egz 29.40; Lev 2.1 lè n'ap fè ofrann konsa pou Senyè a, n'a fè ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sèt ti mamit farin frans melanje avèk de boutèy ka plen lwil oliv. 5Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri. 6#Nonb 28.12 se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden, 7ansanm #Nonb 28.14 ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y'a fè Senyè a plezi ak bon sant yo. 8#Lev 7.11 se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Senyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi, 9se #Nonb 28.12 pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv. 10Lèfini, #Nonb 28.14 n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Senyè a plezi ak bon sant li.
11Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri. 12Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak li a. 13Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Senyè a, yon ofrann ki pou fè Senyè a plezi ak bon sant li. 14Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Senyè a plezi ak bon sant li, se pou l swiv menm regleman ak nou. 15Nan #Egz 12.49; Lev 24.22; Nonb 15.29,30 peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Senyè a. 16Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo.
17Apre sa Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
18— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an, 19#Joz 5.11,12 n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l apa pou nou fè Senyè a kado. 20Chak #Lev 2.14; Det 26.2,10; Ney 10.37; Eze 44.30 lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fenk rekòlte a, n'a mete l apa pou nou fè Senyè a kado, jan nou fè l pou grenn ki pase sou glasi. 21Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Senyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi kounyeya ak pou tout tan.
22Men, #Lev 4.2 si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Senyè a te bay Moyiz yo, 23lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè: 24Si #Lev 4.13,23; Nonb 28.15 se tout pèp la ki fè sa li pa te dwe fè san li pa fè espre, yo tout ansanm, y'a ofri yon jenn ti towo pou yo boule nèt pou Senyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife, bon sant li ap fè Senyè a plezi. Y'a ofri li ansanm ak ofrann danre ak bwason ki pou mache avè li a. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la. 25Prèt #Lev 4.20 la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pat fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Senyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Senyè a san yo pat fè espre a. 26Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an. 27Si #Lev 4.27,28 se yon moun ki fè sa l pat dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l te fè a. 28Prèt #Lev 4.35 la va pote ofrann lan devan Senyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pat fè espre a, epi Bondye va padonnen l sa l te fè a. 29Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pat dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
30Men, #Det 17.12; Eb 10.26 lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pat dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Senyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la. 31Paske #Lev 26.15,43; 2 Sam 12.9; Pwo 13.13 li refize tande sa Senyè a te di a, li fè sa li konnen li pat dwe fè. Dapre lòd Senyè a, se pou yo touye l. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
Respè regleman jou repo a
32Yon #Egz 35.2,3 jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a. 33Moun ki te bare l yo mennen l bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo. 34Yo #Lev 24.12 pran mesye, yo mete moun veye l, paske yo pat fin konnen sa pou yo te fè avè l. 35#Egz 31.14,15; Lev 24.14; Joz 7.25; Tra 7.58 sa a, Senyè a di Moyiz konsa:
— Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen mesye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l kout wòch jouk li mouri.
36Se konsa tout moun yo fè mesye sòti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen mesye kout wòch jouk li mouri, jan Senyè a te ba yo lòd la.
Ponpon anba woulèt rad yo
37Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
38— Pale #Det 22.12; Mat 9.20; 23.5 ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit. 39Chak #Jòb 31.7; Eze 6.9 fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Senyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou. 40Ponpon #Lev 11.44,45 yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.
41Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la pou m te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte