Neyemi 7

7
1Lè nou te fin rebati miray la, nou moute #Ney 6.1 gwo batan pòtay yo. Nou bay gad Tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè. 2Mwen #Ney 1.2 mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pat gen tankou l. 3Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs lè solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouj bò lakay yo.
Lis moun ki tounen lavil Jerizalèm
(Esdras 2.1-10)
4Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pat gen anpil moun ki t'ap viv ladan l. Yo pat ankò rebati anpil kay. 5Bondye #Esd 1.11 mete nan tèt mwen lide pou m sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m fè yon resansman, fanmi pa fanmi. Nal tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m te jwenn 6lis #Esd 2.1—3.1 moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nebikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
7Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana.
Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
8Nan #Ney 10.14-27 fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,
9nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,
10nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,
11nan fanmi Pakat-Mowab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil witsandizwit (2.818) moun,
12nan #Ney 7.34 fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1.254) moun,
13nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,
14nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (760) moun,
15nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,
16nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,
17nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,
18nan fanmi Adonikam yo, sisanswasannsèt (667) moun,
19nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,
20nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,
21nan fanmi Atè yo, katrevenndizwit moun (anvan sa, Atè te rele Ezekyas),
22nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,
23nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,
24nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,
25nan fanmi Gabawon yo, katrevennkenz moun.
26Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun:
Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatrevenntwit (188) moun,
27pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,
28pou lavil Azmavèt, karannde moun,
29pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,
30pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,
31pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,
32pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,
33pou lavil Neba, senkannde moun,
34pou #Ney 7.12 lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,
35pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,
36pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,
37pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,
38pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.
39Men #1 Kwo 9.10; 24.7 lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo:
Nan pitit Jedaja ki te sòti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,
40nan #1 Kwo 9.12; 24.14 pitit Imè yo, mil senkannde (1.052) moun,
41nan #1 Kwo 9.12 pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,
42nan pitit Arim yo, mil disèt (1.017) moun.
43Men #Esd 2.40; 3.9 lis moun Levi ki te tounen yo:
Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki sòti nan branch fanmi Odva a.
44Te gen sankaranntwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan Tanp lan, epi ki sòti nan branch fanmi Asaf la.
45Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan epi ki sòti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
46Men lis moun yo te bay pou travay nan Tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a.
Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
47moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,
48moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,
49moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
50moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
51moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,
52moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,
53moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
54moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,
55moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sizera ak moun fanmi Tamak,
56moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
57Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a:
Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
58moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
59moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
60Konsa, men kantite moun ki sòti nan fanmi travayè Tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevenndouz (392).
61Men te gen yon seri moun ki sòti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pat ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre. 62Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).
63Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo. 64Moun sa yo pat ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pat asepte yo pou prèt. 65Gouvènè #Ney 8.9; 10.1 jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
66Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo a. 67Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante. 68Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt, 69katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.
70Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pèsonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatrevenntrèz (11.693) ons ajan. 71Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan. 72Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
73Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay Tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè Tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

Chwazi Kounye ya:

Neyemi 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte