Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move. Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: — Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la. Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t'ap di: — Anhan! Y'ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l atè! Lè sa a, mwen menm, Neyemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l: — O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.
Li Neyemi 4
Koute Neyemi 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 4:1-4
4 Jou
Dekourajman kapab antre tou dousman nan panse nou, dekourajman se bagay ki bwè enèji nou ak motivasyon nou. Nan istwa Neyemi an, nou pral aprann kijan pou nou idantifye siy dekourajman yo, e pi enpòtan an ankò, kijan pou nou pote viktwa yo. Devosyon sa a ap ban nou zouti espirityèl ak gidans pou ede n jwenn fòs ak lespwa nan mach nou ak Bondye.
Neyemi te gen misyon pou rekonstwi miray Jerizalèm nan apre destriksyon li. Avèk kouraj, lafwa, ak lidèchip, li te dirije pèp Izrayèl la malgre opozisyon ak difikilte li te jwenn. Pandan kat jou sa yo, nou pral aprann enpòtans lapriyè, travay ekip, ak rezistans devan advèsite pandan n ap reflechi sou fason Bondye te sèvi ak lidèchip Neyemi pou akonpli plan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo