Neyemi 13

13
Jwif yo mete moun lòt nasyon yo deyò nan peyi a
1Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv #Det 23.3-5 lalwa #Det 31.11,12 Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Mowab yo pa janm gendwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble. 2Paske moun Amon ak moun Mowab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap kite peyi Lejip la. Okontrè yo bay Balaram lajan pou li te madichonnen yo. Men bondyefè tou, Bondye nou an vire madichon an, li fè li tounen benediksyon. 3#Egz 12.38; Nonb 11.4; Ney 9.2 moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.
Dezyèm vwayaj Neyemi lavil Jerizalèm
4Anvan #Ney 2.10; 3.1; 12.44 tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen Tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija. 5Se #Nonb 18.21,24 konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan Tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija. 6Pandan #Ney 5.14 tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa te lavil Jerizalèm paske, lè lanperè Atagzèsès rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote li. Kèk tan apre sa, li ban mwen otorizasyon ankò, 7epi m tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou Tanp Bondye a pou l te bay Tobija rete. 8Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari. 9Lèfini, #2 Kwo 29.15,16 mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis Tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.
10Mwen #2 Kwo 31.4; Ney 12.28,29; Mal 3.8 vin konnen tou pèp la pat bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo. 11Mwen #Ney 10.39 rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe Tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m fè yo tounen nan Tanp lan vin fè travay yo. 12#Ney 10.38,39; 12.44 sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a. 13Mwen #2 Kwo 31.12,13; Ney 7.2; 1 Kor 4.2 chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon dirèktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo.
14Se #Ney 5.19 poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m, tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou Tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m nèt pou sèvi ou!
15#Ney 10.31 sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a. 16Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a. 17Mwen #Ney 13.11 rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo:
— Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non! 18Se #Jer 17.19-23 sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Kounyeya n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!
19Se #Lev 23.32 konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, #13.19: Lè solèy fin kouche: Pou jwif yo jou konmanse depi lè solèy kouche pou fini nan denmen lè solèy la kouche ankò. epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m menm ap veye bò pòtay yo pou okenn chay pa antre nan lavil la jou repo a. 20Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm. 21Mwen avèti yo, mwen di yo:
— Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou.
Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò. 22Mwen #Ney 12.30 bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l la.
Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!
23Se #Esd 10.10; Ney 4.7; 13.1 lè sa a tou, mwen vin wè te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdòd, moun peyi Amon osinon moun peyi Mowab. 24Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pat konn pale lang nou an. 25Mwen #Esd 10.5; Ney 10.29,30 rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo. 26Mwen #2 Sam 12.24,25; 1 Wa 3.13; 11.1-8 di yo:
— Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pat gen tankou l nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l la te renmen l, atout se Bondye menm ki te mete l wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l fè sa ki mal. 27Kounyeya nou #Esd 10.2 ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medanm ki moun lòt nasyon?
28Jojada #Ney 2.10,19 te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l deyò pou m pa janm wè l devan je m ankò.
29O #Ney 6.14; Mal 2.4 Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
30Mwen #Ney 10.30 te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo. 31Mwen #Ney 10.34 bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt.
O Bondye mwen, pa bliye m tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!

Chwazi Kounye ya:

Neyemi 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an