Estè 1

1
Babako nan lakou wa Asyeris
1Vwala se te sou reny wa Asyeris. #Esd 4.6; Estè 8.9; 9.30 Li t'ap gouvènen sanvennsèt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letyopi. 2#Ney 1.1 sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl. 3Li #Jen 40.20; Estè 2.18; Mak 6.21 te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo epi ak pou tout lòt moun ki nan sèvis gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi te la tou ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre lòt peyi ki anba pouvwa li. 4Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen.
5Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l la. 6Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè vyolèt nan bag ajan moute sou gwo poto fèt ak mab blan. Yo te fè ranje bèl kabann lò epi ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere ak bèl pyè ble. 7Yo te sèvi bwason nan gwo gode lò. Chak gode te gen fòm pa yo. Yo te sèvi diven san gad dèyè, jan wa a te vle li a. 8Tout moun t'ap bwè san pèsonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle.
9Larenn Vachti bò pa l t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la.
Wa a kite ak larenn lan
10Dènye #2 Sam 13.28; Estè 2.21; 6.2; 7.9 jou fèt la, wa a te vin ge anba bwason. Se konsa li rele sèt nan nèg chatre #1.10: nèg chatre: Nan tan sa a se gason yo te fè prizonye nan lagè osinon yo te achte tankou esklav pou sèvis lanperè yo yo te bay non sa a. Lè konsa yo chatre yo pou yo te ka toujou sou travay yo. li yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Abogta, Zeta ak Kakas. 11Li #Estè 2.17 ba yo lòd pou y'al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl. 12Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil.
13Se #Da 2.12,13; 4.6,7; Mat 2.1 te lakoutim lè sa a. Chak fwa wa a te gen yon bagay pou li regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye li yo pou yo di li sa pou li fè. 14Men #2 Wa 25.19; Esd 7.14 konseye ki te pi pre l yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te sòti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gendwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an. 15Wa a di yo konsa:
— Dapre lalwa, kisa pou m fè larenn Vachti? Mwen voye nèg konfyans mwen yo al ba li yon lòd, li derefize obeyi m.
16Lè sa a Mimoukan pran lapawòl devan wa a ak tout lòt chèf yo, li di konsa:
— Se pa sèlman wa a larenn Vachti manke dega. Se tout chèf ak tout gason k'ap viv nan tout peyi ki sou lòd wa a li manke dega. 17Lè medam yo va konnen sa larenn Vachti fè a, yo tout yo pral pran mari yo pou bòbòy. Y'ap di: Wa Asyeris ki wa Asyeris, li te bay larenn Vachti lòd pou vin bò kote l, larenn lan te derefize! 18Lè madanm chèf peyi Pès ak peyi Medi yo va konnen sa larenn lan fè la a, se sa ase yo pral pale nan zòrèy mari yo depi jòdi a menm. Lè sa a, toupatou medanm yo p'ap respekte mari yo ankò. Mari yo menm pral fè kòlè sou madanm yo. 19Si #Estè 8.8; Da 6.8 wa a dakò, se pou l fè yon deklarasyon pou l fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gendwa parèt devan l ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l. 20Y'a #Ef 5.22; Kol 3.18; 1 Tim 2.12; 1 Pyè 3.1 pibliye lòd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lè sa a, mesye yote mèt grannèg, yo te mèt malere, madanm yo va gen respè pou yo.
21Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a. 22Li #Estè 3.12; 8.9 voye mesay nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l lan. Mesay la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!

Chwazi Kounye ya:

Estè 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an