Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti pil sou pil toupatou sou latè vin sou li. Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Senyè a! Ann ale nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Senyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki sòti nan bouch Senyè a! Chak nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Senyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan. Senyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M'a v'al chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo. Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Senyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.
Li Miche 4
Koute Miche 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Miche 4:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo