Miche 3:1-12

Miche 3:1-12 HAT98

M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Eske se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis? Men se nou menm ankò ki deteste (rayi) sa ki byen. Nou damou pou sa ki mal (Nou renmen sa ki mal). N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange li jouk nan zo. N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou koupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè. Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Senyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal. Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo pa grese pat yo, y'ap mache di sa pral gate. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Senyè a di sou pwofèt sa yo: Pwofèt, jou bare nou, vizyon nou bout! Kafe nou koule ak ma, vizyon fini pou nou! Fènwa toupatou, ka nou grav. Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo. Men, pou mwen menm, Miche, Senyè a voye lespri l sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouray pou m kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m di pèp Izrayèl la nan figi l sa l'ap fè ki mal la. Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle. Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm. Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou! Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.