Matye 9

9
Jezi geri yon nonm paralize
(Mak 2.1-12; Lik 5.17-26)
1Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò #Mak 2.1-12; Lik 5.17-26 lanmè a ankò, #Mat 4.13 nan lavil kote l te ye a. 2Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a:
— Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
3#Mak 2.7 sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo:
— Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.
4Men, #Mat 12.25; Jan 2.25 Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo:
— Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? 5Kisa ki pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache? 6Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche.
Li vire, li di nonm paralize a:
— Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
7Nonm lan leve kanpe vre, l'ale lakay li. 8Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.
Jezi rele Matye vin swiv li
(Mak 2.13-17; Lik 5.27-32)
9Jezi #Mak 2.13-17; Lik 4.27-32 kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa:
— Swiv mwen.
Matye annik leve, li swiv Jezi.
10Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l ansanm ak disip li yo. 11Farizyen #Lik 15.2 yo wè sa, yo di disip li yo:
— Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?
12Jezi tande sa, li di yo:
— Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. 13Ale #Oze 6.6; 1 Sam 15.22; Mat 18.11 non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la:
Mwen vle pou nou gen kè sansib.
Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.
Kèsyon fè jèn lan
(Mak 2.18-22; Lik 5.33-39)
14Disip #Mak 2.18-22; Lik 5.33-38 Jan #Lik 18.12 Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li:
— Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?
15Jezi #Jan 3.29 reponn yo:
— Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
16Pèsonn #Jan 1.17 p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. 17Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.
Pitit fi Jayiris la ak fanm ki te manyen rad Jezi a
(Mak 5.21-43; Lik 8.40-56)
18Antan #Mak 5.22-43; Lik 8.41-56 Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li:
— Pitit fi mwen an fenk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.
19Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l tou.
20Lè sa a, yon fanm malad pwoche dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi, 21paske #Mat 14.36 li t'ap di nan kè l: Si m ka manyen rad li sèlman, m'a geri.
22Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa:
— Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou.
Menm lè a, fanm lan geri.
23Lè Jezi rive kay chèf la, li jwenn fanfa a t' ap pare pou lantèman an ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè yon pakèt bri. 24Jezi #Jan 11.11,14,25 di yo:
— Tout moun, sòti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
Yo pran pase l nan betiz. 25Lè foul moun yo fin sòti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve. 26Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
Jezi geri de avèg
27Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele:
— Pitit David, gen pitye pou nou!
28Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo:
— Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou?
Yo reponn li:
— Wi, Mèt.
29#Mat 8.13 sa a, li manyen je yo, li di:
— Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la.
30Je #Mat 8.4 yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo:
— Tande byen, piga pèsonn konn sa.
31Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l toupatou nan peyi a.
Jezi geri yon nonm bèbè
32Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li. 33Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di:
— Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.
34Men, #Mat 12.24 farizyen yo t'ap di:
— Se chèf move lespri yo ki ba l pouvwa pou chase move lespri yo.
Kè Jezi fè l mal pou moun yo
35Jezi #Mat 4.23 t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
36#Mat 14.14; Mak 6.34; Nonb 27.17; Eze 34.5 Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò. 37#Lik 10.2 sa a, li di disip li yo:
— Rekòt la anpil, men manke bra. 38Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.

Chwazi Kounye ya:

Matye 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an