1
Matye 9:37-38
1998 Haïtienne
Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra. Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.
Konpare
Eksplore Matye 9:37-38
2
Matye 9:13
Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.
Eksplore Matye 9:13
3
Matye 9:36
Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
Eksplore Matye 9:36
4
Matye 9:12
Jezi tande sa, li di yo: — Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.
Eksplore Matye 9:12
5
Matye 9:35
Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
Eksplore Matye 9:35
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo