— Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men yo pa kite l pouse rasin, yo pa kwè l pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
Li Lik 8
Koute Lik 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 8:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo