Lik 8:11-15
Lik 8:11-15 1998 Haïtienne (HAT98)
— Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men yo pa kite l pouse rasin, yo pa kwè l pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
Lik 8:11-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus dit à ses disciples : « Voici ce que l’histoire veut dire : Les graines, c’est la parole de Dieu. Le bord du chemin, ce sont les gens qui entendent la Parole. Mais l’esprit du mal arrive, il enlève la Parole de leur cœur, pour les empêcher de croire et ainsi d’être sauvés. Le sol plein de pierres, ce sont les gens qui entendent la Parole et qui la reçoivent avec joie, mais la Parole n’a pas de racines en eux. Ils croient pendant un moment seulement, ensuite, quand il y a une difficulté, ils abandonnent. D’autres graines sont tombées dans les plantes épineuses. Ce sont les gens qui entendent la Parole. Mais les soucis, les richesses et les plaisirs de la vie étouffent ce qui grandit en eux, et ils ne peuvent pas donner de fruits mûrs. D’autres graines sont tombées dans la bonne terre. Ce sont les gens qui entendent la Parole avec un cœur bon et sincère. Ils la gardent et ils donnent des fruits en restant fidèles. »
Lik 8:11-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.
Lik 8:11-15 New International Version (NIV)
“This is the meaning of the parable: The seed is the word of God. Those along the path are the ones who hear, and then the devil comes and takes away the word from their hearts, so that they may not believe and be saved. Those on the rocky ground are the ones who receive the word with joy when they hear it, but they have no root. They believe for a while, but in the time of testing they fall away. The seed that fell among thorns stands for those who hear, but as they go on their way they are choked by life’s worries, riches and pleasures, and they do not mature. But the seed on good soil stands for those with a noble and good heart, who hear the word, retain it, and by persevering produce a crop.
Lik 8:11-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Voici donc le sens de cette parabole : La semence, c’est la Parole de Dieu. « Au bord du chemin » : ce sont les personnes qui écoutent la Parole, mais le diable vient l’arracher de leur cœur pour les empêcher de croire et d’être sauvées. « Sur de la pierre » : ce sont ceux qui entendent la Parole et l’acceptent avec joie ; mais, comme ils ne la laissent pas prendre racine en eux, leur foi est passagère. Lorsque survient l’épreuve, ils abandonnent tout. « La semence tombée au milieu des ronces » représente ceux qui ont écouté la Parole, mais en qui elle est étouffée par les soucis, les richesses et les plaisirs de la vie, de sorte qu’elle ne donne pas de fruit. Enfin, « la semence tombée dans la bonne terre », ce sont ceux qui, ayant écouté la Parole, la retiennent dans un cœur honnête et bien disposé. Ils persévèrent et ainsi portent du fruit.