Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l devan lotèl Senyè a. L'a mete men l sou tèt li, l'a touye l la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la. L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a. Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi.
Li Levitik 3
Koute Levitik 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Levitik 3:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo