Levitik 12

12
Kondisyon fanm apre akouchman
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Men #Lev 15.19; Lik 2.22 sa pou ou di pèp Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. 3Sou #Jen 17.12; Lik 1.59; 2.21 uityèm jou a, y'a sikonsi pitit la. 4Men madanm lan va rete tranntwa jou ankò. Se apre sa, l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gendwa manyen ankenn bagay sakre, ni li p'ap gendwa antre nan tant sakre a toutotan li poko fè sèvis pou mete li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 5Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.
6#Lik 2.22 li fin pase kantite jou pou l pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, la pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l te fè ki mal.
7Prèt la va ofri yo bay Senyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.
8Si #Lev 4.26; 5.7; Lik 2.24 fanm lan pa gen mwayen pou l pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Senyè a pou l mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte