Jozye 6

6
Jeriko nan men pèp Izrayèl la
1Moun Jeriko te fèmen tout pòtay lavil la byen fèmen. Yo te barikade yo poutèt moun Izrayèl yo. Deyò pa antre, anndan pa soti. 2Senyè a #Joz 2.9,24; 8.1 di Jozye konsa:
— Koute byen. Mwen pral lage lavil Jeriko ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo nan men ou. 3Ou menm ak tout sòlda pa ou yo, nou pral mache fè wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou. 4Sèt #Nonb 10.8; Jij 7.16,22 prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, sètyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo. 5Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.
6Se konsa, Jozye, pitit gason Noun lan, rele prèt yo, li di yo:
— Leve Bwat Kontra a, mete l sou zepòl nou. Sèt prèt va mache devan l avèk kòn belye yo nan men yo.
7Apre sa, li di pèp la:
— Leve mache! Nou pral fè wonn lavil la. Pòsyon lame ki pou mache devan an va pran devan Bwat Kontra a.
8Pèp la fè jan Jozye te ba yo lòd fè a. Sèt prèt yo pran devan Bwat Kontra Senyè a, yo t'ap kònen kòn yo. 9Pòsyon lame ki pou mache devan an pran devan prèt ki t'ap kònen yo. Pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a. Pandan yo t'ap mache konsa, yo t'ap kònen kòn belye yo. 10Men, Jozye te bay pèp la lòd pou yo pat pouse okenn rèl jan yo te konn fè l la lè y'ap goumen. Se pou yo tout rete bouch fèmen, san di yon mo, jouk lè l'a ba yo lòd pouse rèl goumen an. 11Prèt yo pati ak Bwat Kontra Senyè a, yo fè wonn lavil la yon fwa. Apre sa, yo tounen nan kan an epi yo pase nwit lan la. 12Nan denmen maten, Jozye leve, epi prèt yo pran Bwat Kontra Senyè a ankò. 13Sèt prèt yo avèk sèt kòn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kònen. Pòsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a: yo t'ap kònen tout tan yo t'ap mache a. 14Dezyèm jou a, yo mache fè wonn lavil la ankò yon sèl fwa. Epi yo tounen nan kan yo. Yo fè sa konsa pandan sis jou. 15Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa. 16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa:
— Nou mèt rele kounyeya! Senyè a lage lavil la nan men nou! 17Nou #Lev 27.28; Det 20.17; Joz 2.4 pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo. 18Men, #Joz 7.1,12,25 nou menm, pa mete men nan sa nou gen pou nou detwi pou Senyè a. Si nou manyen sa nou gen pou nou detwi yo, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. 19Tout bagay ki fèt ak lò, ak lajan, ak fè osinon ak kwiv, n'a mete yo apa pou Senyè a. N'a depoze yo nan depo richès Senyè a.
20Se #Joz 6.5; Eb 11.30 konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l.
21Yo #Det 7.2 ofri tou sa ki nan lavil la bay Senyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik. 22Jozye #Joz 2.14; Eb 11.31 rele de mesye li te voye ankachèt al bay lavil Jeriko kontwòl, li di yo:
— Ale kay jennès la. Fè li soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomèt li a.
23Se #Joz 2.13 konsa y ale, yo fè Rarab sòti ansanm ak papa l, manman l, frè l yo, tout rès fanmi l yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo. 24Yo #Joz 6.19 mete dife nan lavil la, yo boule li rapyetè ak tout sa ki te ladan li, anwetan bagay ki te fèt ak lò, ak lajan, ak fè, ak kwiv. 25Men, #Mat 1.5 Jozye te sove Rarab, jennès la, ak tout fanmi l yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk kounyeya nan mitan pèp Izrayèl la.
26#1 Wa 16.34 sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di:
— Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann
pou l ta rebati lavil yo rele Jeriko a.
Si yon moun mete men nan fondasyon l yo,
l'ap pèdi premye pitit gason l lan.
Si yon moun remoute pòtay li yo,
l'ap pèdi dènye pitit gason l la.
27Se #Joz 1.5 konsa Senyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an