Jozye 7

7
Istwa Akan an
1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Senyè a #Joz 22.20 te bay pou yo pat pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Senyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
2Jozye te voye kèk moun sòti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt-Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y'al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi. 3Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li:
— Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la.
4#Lev 26.17; Det 28.25 sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak. 5Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan min wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la sòti pè. Yo pèdi kouray. 6Jozye #Nonb 14.5,6; 1 Sam 4.12; 2 Sam 1.2,11; 13.31; 15.32 te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo. 7Epi #Egz 5.22; 32.11,12; 2 Wa 3.10 Jozye di:
— Ay, Senyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòtbò larivyè Jouden an? Genlè se pou ou te lage nou nan men moun Amori pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòtbò larivyè Jouden an! 8Tanpri, Mèt mwen! Kisa m ka di kounyeya lè m wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l yo? 9Moun #Sòm 83.4 Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?
10Senyè a di Jozye konsa:
— Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? 11Se #Joz 6.17,18 paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. 12Se #Nonb 14.45 poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske kounyeya se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l nan mitan nou pou nou detwi l tou. 13Leve #Joz 3.5 non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l nan mitan nou. 14Se #1 Sam 10.19 konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Senyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Senyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Senyè a va denonse a va fè moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. 15Moun #Jij 20.6; 1 Sam 14.38,39 y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Senyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.
16Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Senyè a te denonse. 17Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Senyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Senyè a te denonse. 18Zabdi fè tout moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Senyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a.
19Jozye #Nonb 5.6,7; 1 Sam 14.43; Esd 10.11; Da 9.4; Jan 9.24 di Akan konsa:
— Pitit mwen, fè lwanj Senyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Kounyeya, di m kisa ou fè. Pa kache m anyen.
20Akan #2 Sam 12.13 reponn li:
— Se vre wi. Se mwen ki peche kont Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m fè. 21Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te sòti lavil Babilòn, desan (200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m rete a, mwen antere yo ladan l, avèk pyès ajan yo anba nèt.
22Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. 23Yo pran yo, yo sòti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Senyè a. 24Jozye, #Eza 65.10; Oze 2.15 ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l yo, pitit gason l yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. 25Epi #Lev 24.14; Det 13.10; 17.5; Joz 22.20; 1 Wa 18.17; 1 Kwo 2.7 Jozye di Akan konsa:
— Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Senyè a pral fè malè tonbe sou ou!
Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l yo ak bèt li yo ak koutwòch. 26Yo #Det 13.17; Joz 8.29; 2 Sam 18.17 mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè.
Se konsa Senyè a te sispann move sou pèp la.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an