Jozye 5

5
Sikonsizyon ak Fèt Delivrans nan peyi Gilgal
1Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete #Egz 15.14; Joz 2.11; 1 Wa 10.5 lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivay gwo lanmè Mediterane a vin konnen Senyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouray yo devan pèp Izrayèl la.
2#Egz 4.25 sa a, Senyè a pale ak Jozye, li di l konsa:
— Pran wòch dife, kase yo fè zenglen pou sikonsi gason pèp Izrayèl ki fèt nan dezè a.
3Se konsa, Jozye fè yon bann zenglen wòch byen file, li sikonsi tout gason pèp Izrayèl la yon kote yo rele Bit po ti kòk. 4Li #Nonb 14.29; Det 2.16; Sòm 106.26; 1 Kor 10.5; Eb 3.17 te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te sòti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a. 5Tout gason ki te vivan lè yo te sòti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, okenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pat ankò sikonsi. 6Pèp #Egz 3.8; Nonb 14.23,33; Det 1.3; 2.7,14; 8.4; Sòm 95.10,11 Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te sòti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pat koute Senyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 7Men, #Nonb 14.31; Det 1.39 li ba yo pitit pou ranplase yo. Se pitit sa yo Jozye te sikonsi paske yo pat sikonsi yo lè yo t'ap vwayaje nan dezè a.
8Lè li fin sikonsi tout gason yo, tout pèp la rete la kote yo te moute tant yo a, jouk yo te geri. 9Apre sa, Senyè a di Jozye konsa:
— Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l jete.
Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal #5.9: Gilgal: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di wete, woule voye jete. jouk jòdi a. 10Antan #Egz 12.6; Nonb 9.5 pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a. 11Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven. 12Apre #Egz 16.35 sa, lamàn lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn lamàn pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekòlte nan peyi Kanaran an.
Fasafas Jozye ak kòmandan an chèf lame Senyè a
13Yon #Jen 18.2; 32.24; Egz 23.20; Nonb 22.23,31; 1 Kwo 21.16; Tra 1.10 jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l avèk yon nepe nan men l. Jozye mache sou li, epi li mande l:
— Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
14Nonm #Jen 17.3 lan reponn li:
— M'pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan chèf lame Senyè a. Mwen fèk rive.
Jozye tonbe ajenou devan li, li bese tèt li jouk atè, li di li konsa:
— Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m'fè pou ou?
15Kòmandan #Egz 3.5; Tra 7.33 chèf lame Senyè a di li konsa:
— Dechose ou. Kote ou kanpe a, se yon kote ki apa pou Bondye.
Epi Jozye fè sa li di li fè a.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an