Jozye 18:1-10

Jozye 18:1-10 HAT98

Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo. Men, te gen sèt branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pat ankò resevwa pòsyon pa yo nan tè a. Lè sa a, Jozye di yo: — Kisa n'ap tann pou n'al pran peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou an? Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pòsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen. Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò. N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Senyè a, Bondye nou an. Moun Levi yo menm p'ap resevwa okenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Sènyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Riben yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gentan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l la. Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: — Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m ka tire osò pou nou, pou m ka konnen volonte Senyè a. Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l bay Jozye nan kan Silo a. Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Senyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.