Jozye 18

18
Pataj rès peyi a
1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout #Egz 33.7; 1 Sam 1.3; Jer 7.12,14; 26.6,9 moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo. 2Men, te gen sèt branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pat ankò resevwa pòsyon pa yo nan tè a. 3#Jij 18.9 sa a, Jozye di yo:
— Kisa n'ap tann pou n'al pran peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou an? 4Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pòsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen. 5Y'a #Joz 15.1; 16.1,4 separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò. 6N'a #Joz 14.2 make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Senyè a, Bondye nou an. 7Moun #Nonb 32.33; Joz 13.33 Levi yo menm p'ap resevwa okenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Sènyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Riben yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gentan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l la.
8Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a:
— Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m ka tire osò pou nou, pou m ka konnen volonte Senyè a.
9Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l bay Jozye nan kan Silo a. 10#Joz 12.7 sa a, Jozye tire osò pou yo devan Senyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
Pòsyon tè fanmi Benjamen an
11Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò. 12Sou #Joz 16.1-3 bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt-Avenn lan. 13Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt-Ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an. 14Lizyè a #Joz 15.9,60 fè yon koub, li vire kite direksyon lwès, li pran direksyon sid, depi sou mòn ki anfas Bètowon an sou bò sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jòdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pòsyon pa moun Benjamen yo sou bò solèy kouche. 15Men #Joz 15.5-9 limit yo sou bò sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bò Gachen, li pran direksyon lwès, li parèt bò sous dlo Neftoa yo. 16Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l'al bout sou Anwogèl. 17Apre sa, li fè yon koub li vire sou nan nò, li pase Anchemèch. Apre sa, li rive Gelilòt anfas pas Adoumim. Li desann bò Wòch Boàn. Boàn sa a te pitit Riben. 18Apre sa, li pase sou flan nò mòn Neta-Araba, li desann nan fon Jouden an. 19Li rive sou flan nò mòn Bèt-Ogla. L'al bout nan pwent nò lanmè Mouri a, nan bout sid larivyè Jouden an. Se sa ki te limit sid yo. 20Sou bò solèy leve, larivyè Jouden an te sèvi yo baliz. Men limit pòsyon tè yo te bay moun Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Non lavil Benjamen yo
21Men #Joz 18.12 non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bèt-Ogla, Emèk-Kesis, 22Bèt-Arara, Semarayim, Betèl, 23Avim, Para, Ofra, 24Kefa-Amoni, Ofni, Geba. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 25Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt, 26Mizpe, Kefira, Mosa, 27Rekèm, Jipeyèl, Tareala, 28Sela-Elèf, #Joz 15.8; Jij 19.10-12 Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separè bay chak fanmi pa yo.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte