Jozye 17

17
Pòsyon tè lòt mwatye fanmi Manase yo
1Manase te premye pitit gason Jozèf. #Jen 41.51; 48.18; 50.23; Nonb 26.29; 32.39,40; Det 3.13,15; 1 Kwo 7.14 Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan. 2Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la. 3Nan #Nonb 26.33; 27.1; 36.2,11 branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pat gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. 4Yo #Nonb 27.6,7 vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa:
— Senyè a te bay Moyiz lòd pou l te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an.
Se konsa, jan Senyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo. 5Konsa #Joz 13.30,31 yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an, 6paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.
7Men #Joz 16.6 limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo. 8Tout #Joz 16.8,9 peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fontyè a te pou moun Efrayim yo. 9Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l'al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye. 10Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès. 11Nan #Joz 12.23; 1 Kwo 7.29 mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 12Men, #Jij 1.27,28 moun fanmi Manase yo pat kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a. 13Men, #Joz 16.10; 1 Wa 9.20,21 lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo.
14Moun #Jen 48.19,22; Nonb 26.34,37; Joz 16.4; 4.5 fanmi Jozèf yo di Jozye konsa:
— Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Senyè a pa manke beni nou.
15Jozye #Det 3.13 reponn yo:
— Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.
16Moun #Jij 1.19; 4.3 fanmi Jozèf yo di l ankò:
— Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt-Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.
17Jozye di moun Jozèf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo:
— Nou anpil vre. Nou gen anpil fòs. Nou pa ka rete ak yon sèl pòsyon tè. 18Tout #Det 20.1; Joz 11.6 mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte