Jozye 16

16
Pòsyon tè fanmi Efrayim lan
1Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf #Joz 18.12 yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li sòti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl. 2Li #Jen 28.19; Joz 18.13 sòti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete. 3Baliz fontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l'al bout nan lanmè. 4Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
5Men #Joz 18.13 tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fontyè jouk Bètowon. 6Baliz #Joz 17.7 fontyè a sòti la, l'al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l, sou bò lès lavil Janoa. 7Li desann sòti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l'al bout sou larivyè Jouden. 8Li #Joz 17.8,9 sòti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l'al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l, yo bay chak fanmi yon pòsyon, 9ansanm #Joz 17.8,9 ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo. 10Men #Joz 17.13; Jij 1.29 yo pat rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte