Jozye 15

15
Pòsyon tè fanmi Jida a
1Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè #Nonb 34.3 ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo.
Tè a bòne nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid. 2Fontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a, 3li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka, 4li #Joz 15.47 pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo. 5Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fontyè nò a te konmanse. 6Li #Joz 18.17-22 moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt-Araba, li rive jouk Wòch Boàn. Boàn, se non yonn nan pitit gason Riben yo. 7Apre #Joz 7.26; 18.16,17 sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l'al bout sou Anwogèl. 8Apre #Joz 15.63; 18.16,28 sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo. 9Li #Joz 15.60; 18.15; 1 Kwo 13.6 sòti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou). 10Li #1 Sam 6.9,12 sòti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bèt-Chemèch, li travèse Timna, 11li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l'al bout nan lanmè.
12Sou #Nonb 34.6,7; Joz 23.4; Eze 47.20 bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.
Kalèb pran Ebwon ak Debi
(Jij 1.11-15)
13Jan #Joz 14.13-15; 15.54 Senyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat-Aba, kapital peyi Anak yo. (Kounye a yo rele lavil la Ebwon). 14Kalèb #Nonb 13.22; Jij 1.10,20 mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi, 15Apre #Jij 1.11-15 sa, #Joz 15.49 li kite Ebwon, l'al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè). 16Lè sa a, Kalèb di konsa:
— Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.
17Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. 18Lè Aksa rive lakay mari l, mari a di l #15.18: mari a di l: Nan tèks ebre a nou li li di mari a. poukisa li pa mande papa l yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l:
— Sa ki genyen, pitit mwen?
19Aksa reponn:
— Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m kek sous kote pou m jwenn dlo non.
Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
20Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l bay yon pòsyon pou chak fanmi.
Non lavil Jida yo
21Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fontyè peyi Edon an: KabSenyèl, Edè, Jagou, 22Kina, Dimona, Adada, 23Kedèch, Azò-Yitnan, 24Zif, Telèm, Bejalòt, 25Azò-Adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou), 26Aman, Chema, Molada, 27Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt, 28Aza-Chwal, #Jen 21.31; 26.23,33 Bècheba, Bizyotya, 29Bala, Iyim, Azèm, 30Eltola, Kesil, Oma, 31Ziklag, #1 Sam 27.6; 30.1 Madmana, Sansana, 32Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou venntnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
33Men #Jij 13.25 non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna, 34Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan, 35Jamout, Adoulam, Soko, Azeka, 36Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
37Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad, 38Dilean, Am-Mizpe, Jokteyèl, 39Lakis, #Joz 10.3,37 Boska, Eglon, 40Kabon, Lamas, Kitlis, 41Jedewòt, #Joz 10.10,21 Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
42Te #Joz 10.29,30 gen tou Libna, Etè, Akan, 43Jifta, Akna, Nezib, 44Keyila, #1 Sam 23.1,2 Agzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
45Te #Joz 13.3 gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li. 46Sòti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo, 47Asdòd #Joz 13.3; 15.4,12 ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
48Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko, 49Dana, #Joz 15.15 Kiriyat-Sefè (kounyeya li rele Debi), 50Anad, Estemoa, Anim, 51Gochenn, #Joz 10.41; 11.16; 2 Sam 15.12 Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
52Te gen tou Arab, Douma, Echean, 53Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka, 54Oumeta, #Joz 15.13 Kiriyat-Aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Zyò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
55Te #Joz 15.24; 1 Sam 23.24,25; 25.2 gen ankò Mawon, Kamèl, Zif, Jouta, 56Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa, 57Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
58Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò, 59Maarat, Bèt-Anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
60Te #Joz 15.9 gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
61Men #Joz 15.6 non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt-Araba, Miden, Sekaka, 62Nibkan, #1 Sam 23.29; 24.1; Eze 47.10 Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
63Men, #Joz 15.8; Jij 1.8,21; 2 Sam 5.6 moun Jida yo pat janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte