Jozye 14

14
Pataj peyi Kanaran an
1Men tè yo te separe bay moun pèp #Nonb 34.17,18 Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo. 2Jan #Nonb 34.13 Senye a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Senyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki ta pral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a. 3Moyiz #Joz 13.8; Nonb 32.33 te gentan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pat bay moun fanmi Levi yo okenn pòsyon nan tè sa yo. 4Fanmi #Jen 48.5; 1 Kwo 5.1,2; Nonb 35.1,2; Joz 21.2 Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pat resevwa okenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo. 5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.
Pòsyon tè fanmi Kalèb la
6Moun #Nonb 14.24,30; 32.12; Det 1.36,38 branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li:
— Ou konnen sa Senyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea. 7Mwen #Nonb 13.6,16,30; 14.6-9 te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Senyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m al vizite tout peyi sa a. Lè m tounen, mwen fè l yon bon rapò dapre sa m te wè. 8Moun #Det 1.28 ki te moute avè m yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Senyè a, Bondye mwen an, te vle m fè. 9#Nonb 14.24; Det 1.36 sa a, Moyiz fè m pwomès sa a, li di m: Ou wè ou menm, ou fè tou sa Senyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou. 10Gade! #Nonb 14.30 Senyè a kenbe pwomès li, li pa kite m gentan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Senyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Kounyeya mwen gen katrevensenkan. 11Men, #Det 34.7 mwen santi m vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m jan m te konn fè l lè sa a. 12Se #Nonb 13.28,33 poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Senyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann grannèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Senyè a pral kanpe avè m. L'a ede m pran peyi a nan men yo jan li te di l la.
13#Joz 10.36,37; 15.13,14; 21.11,12; Jij 1.10,20; 1 Kwo 6.55,56 sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li. 14Jouk kounyeya, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l fè. 15Nan #Jen 23.2 tan lontan, yo te rele Ebwon vil Aba. Aba sa a se li ki te pi gwo pyès gason nan tout ras moun Anak yo.
Depi lè sa a, peyi a t'ap viv kè poze. Pa te gen goumen ankò.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte