Jozye 13

13
Rès peyi Izrayèl poko pran
1Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li #Joz 23.1 te fin granmoun. Senyè a di l konsa:
— Kounyeya, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran. 2Rete #Jij 3.1 nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo, 3ki #Det 2.23; Jij 3.3; 1 Kwo 13.5; Jer 2.18 vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou, 4sou bò sid la, tout peyi moun Kanaran yo, depi lavil Meara ki pou moun Sidon yo jouk Afeka, sou fontyè peyi Amori a. 5Te #Nonb 34.8; Joz 12.7; Sòm 83.7; Eze 27.9 rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a.
6Tout #Joz 11.8; 23.4,5; Jij 2.21-23 moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la. 7Lè a #Joz 14.1,2 rive kounyeya pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.
Kòmansman pataj peyi a
8Branch #Joz 12.6 fanmi Riben lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Senyè a, ki te ba yo li. 9Peyi #Nonb 21.30; Det 2.36; Joz 13.16 yo a te sòti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon. 10Li #Nonb 21.24,25 pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout reny li, li rive jouk sou fontyè moun Amon yo. 11Li #Det 3.14 pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka. 12Nan #Nonb 21.24,35; Det 3.13 peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo. 13Men, pèp Izrayèl la pat mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou.
14Sèl #Nonb 18.20-32; Det 18.2 branch fanmi Levi a pat resevwa okenn pòsyon tè ki rele l pa l nan pataj la, paske Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l la.
Pòsyon tè fanmi Riben lan
15Moyiz te separe tè branch fanmi Riben lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 16Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a, 17lavil #Eze 25.9 Esbon #Nonb 32.37,38 ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal-Meyon, 18Jaza, Kedemòt, Mefrat, 19Kiryatayim, Libna ak Zerèt-Acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an, 20Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt-Ajechimòt, 21tout #Nonb 22.5; 31.8 lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. 22Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a. 23Pòsyon tè moun branch fanmi Riben yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Riben yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
Pòsyon tè fanmi Gad la
24Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 25Se #Nonb 32.34-36; 2 Sam 11.1; 12.26 konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba. 26Li #Jen 32.2 te pran depi Esbon jouk Ramat-Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fontyè peyi Lodeba. 27Nan #Jen 33.17 fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt-Aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve. 28Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
Pòsyon tè mwatye fanmi Manase a
29Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 30Se #Nonb 32.41; 1 Kwo 2.23 konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an, 31mwatye #Nonb 32.39,40; Joz 12.4 nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.
32Se #Nonb 22.1 konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Mowab yo. 33Men, #Nonb 18.20; Joz 13.14 Moyiz pat bay moun branch fanmi Levi yo okenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Chwazi Kounye ya:

Jozye 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte