Jòb 30

30
1Men kounyeya, moun ki pi jenn
pase m #Jòb 12.4 yo ap pase m nan rizib.
Papa yo se moun mwen pat pran pou anyen,
moun mwen pa ta menm mete ak chen m pou gade mouton.
2Epitou, #Jòb 24.4-8 yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen.
Se te yon bann gason san kouray.
3Mizè ak grangou te fini ak yo.
Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
4Yo pran fèy raje pou yo manje.
Ata rasin bayawonn pase.
5Kote yo pase moun mete yo deyò,
yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
6Yo #1 Sam 13.6; Jer 4.29 te blije al rete nan twou wòch,
nan twou tè sou bò ravin yo.
7Y'ap #Jòb 6.5; Sof 2.9 rele tankou bèt mawon nan raje a.
Yo fè pil sou pil nan savann lan.
8Se #Jòb 18.17 te yon bann sanzave ki pat menm gen non.
Yo te mete yo deyò nan peyi a.
9Kounyeya, y'ap #Jòb 17.6; Sòm 69.12; Lam 3.14,63 fè chante sou mwen.
Y'ap bay istwa sou do m.
10Yo #Eza 50.6; Mat 26.67; 27.30 pè pwoche bò kote m pou m pa sal yo.
Yo menm krache nan figi m.
11Paske Bondye kraze kouray mwen, li lage m atè,
kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.
12Bann #Jòb 19.12 moun sa yo leve dèyè m, y'ap fè m kouri.
Yo lage dèyè m pou yo pran m.
13Yo sènen m toupatou pou yo ka fini avè m.
Pa gen pèsonn pou di yo pa fè sa. #30.13: pou di yo pa fè sa: Dapre sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay pou vin ede yo.
14Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen.
Yo pilonnen m anba pye yo.
15Yon #Jòb 7.9; 18.11 sèl latranblad pran mwen.
Tankou yon kout van li kraze kouray mwen.
Tankou yon nyaj k'ap pase, tout byen m yo disparèt.
16Kounyeya, mwen #1 Sam 1.15 prèt pou m mouri.
Lafliksyon ap fini avè m.
17Lannwit, #Jòb 7.3; 33.19 tout zo nan kò m ap fè m mal.
Doulè ap manje m anndan san rete.
18Bondye ponyen m nan kòlèt,
l'ap chifonnen tout rad sou mwen.
19Li #Jen 18.27; Jòb 42.6 voye mwen jete nan labou.
Pousyè tè ak sann dife gen plis valè pase mwen.
20Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m menm.
21Ou #Jòb 16.9 pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m.
Ou sòti pou pèsekite m ak tout fòs ou.
22Ou #Jòb 27.21 fè van pote m ale. M'ap vole tankou pay.
Ou voye yon van tanpèt boulvèse m.
23Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m pou mal mouri,
pou mal sibi sò k'ap tann tout moun lan.
24 # 30.24: Nou pa fin sèten sa mo ebre yo vle di nan vèsè sa a. Poukisa #Mi 1.6; 3.12 w'ap atake yon moun ki tou fin mouri,
yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?
25Eske #Sòm 35.13,14; Wòm 12.15 mwen pat nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè?
Eske kè m pat fè m mal pou moun ki pat gen anyen menm yo?
26Mwen #Jer 8.15; 14.19 t'ap tann kontantman, se malè ki vini.
Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m.
27Tout zantray mwen ap bouyi san rete.
Chak jou m'ap soufri pi rèd.
28M'ap #Sòm 38.6 mache kagou, san pèsonn pou konsole m.
Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.
29Vwa #Eza 13.21; Mi 1.8 mwen tankou vwa koukou.
Mwen rele tankou frize.
30Po m #Sòm 102.3; 119.83; Lam 4.8; 5.10 vin tou nwa, l'ap dekale.
Lafyèb ap manje m nan zo.
31Lontan #Lam 5.15 se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen.
Men, kounyeya, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte