Jòb 29

29
Jòb ap defann kòz li yon dènye fwa
1Jòb tanmen pale ankò, li di:
2— Ki moun ki va fè m viv tan lontan an,
lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?
3#Jòb 18.6; Sòm 18.28 sa a, Bondye te toujou la avèk mwen.
Limyè li te klere anwo tèt mwen,
li t'ap moutre m kote pou m mete pye m nan fènwa a.
4Nan #Jòb 15.8; Sòm 25.14; Pwo 3.32 tan sa a, tout zafè m t'ap mache byen.
Bondye te zanmi m. Li t'ap pwoteje kay mwen.
5Bondye #Sòm 128.3 ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen.
Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m yo.
6Bèf #Det 32.13,14; Jòb 20.17 ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt.
Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.
7Lè mwen parèt pòtay lavil la,
lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
8wè yo wè m, jenn gason yo mete kò yo sou kote,
granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
9Notab #Jòb 21.5 yo sispann pale,
yo fèmen bouch yo.
10Ata #Eze 3.26 chèf yo pa ka pale ankò!
Lang yo vin lou nan bouch yo.
11Tout moun ki te wè m t'ap mache fè lwanj mwen,
tout moun ki te tande m te kontan avè m.
12Mwen #Sòm 72.12 lonje men bay pòv malere ki nan ka
ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
13Moun #Rit 2.20; Jòb 31.20 ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen.
Mwen te fè kè vèv yo kontan.
14Mwen #Sòm 132.9; Eza 59.17; Zak 3.5; Ef 6.14 te toujou fè sa ki dwat.
Mwen pat janm nan patipri.
15Se mwen ki te wè pou avèg yo.
Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
16Mwen #Pwo 29.7 te yon papa pou pòv malere yo.
Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
17Mwen #Sòm 3.7; 58.6 te kraze pouvwa malveyan yo.
Mwen sove moun ki te anba men yo.
18Mwen #Sòm 30.6 t'ap di nan kè m: M'a viv kont viv mwen.
M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
19Mwen #Jòb 18.16; Sòm 1.3 te tankou yon pyebwa plante bò larivyè.
Sou tout branch li yo se lawouze.
20Moun #Jen 49.24; Eza 40.31; 41.1 pa ta janm sispann fè lwanj mwen.
Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.
21Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo.
Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.
22Pawòl #Det 32.2 mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli.
Lè m fin pale, pèsonn pa gen anyen pou di ankò.
23Yo #Det 11.14; Sòm 119.131; Pwo 16.15; Zak 10.1 t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli.
Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.
24#Jen 4.5; Pwo 16.15 yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo.
Sa te kont pou remoute kouray yo.
25Mwen te kanpe alatèt yo.
Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo.
Mwen di yo sa pou yo fè.
Mwen te ba yo kouray lè yo nan lafliksyon.

Chwazi Kounye ya:

Jòb 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte