Jan 21:1-14

Jan 21:1-14 HAT98

Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. Simon Pyè di: — Mwen pral lapèch. Yo di li: — Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. Li te konmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pat rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: — Mesye m yo, eske nou pran pwason? Yo reponn li: — Non, nou pa pran anyen. Li di yo: — Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pat kapab rale l sòti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: — Se Senyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Senyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pat twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: — Pote kèk pwason nan sa nou fenk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale privye a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pat chire. Jezi di yo: — Vin manje. Yo yonn nan disip yo pat gen kouray mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Senyè a. Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou. Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te leve sòti vivan nan lanmò.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 21:1-14

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an