Jan 21

21
Jezi fè sèt nan disip li yo wè l
1Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: 2Simon #Jan 1.45 Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. 3Simon Pyè di:
— Mwen pral lapèch.
Yo di li:
— Nou menm tou, nou pral avè ou.
Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. 4Li #Jan 20.14; Lik 24.16 te konmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pat rekonèt si se te li menm. 5Jezi #Lik 24.41 di yo konsa:
— Mesye m yo, eske nou pran pwason?
Yo reponn li:
— Non, nou pa pran anyen.
6Li #Lik 5.4-7 di yo:
— Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy.
Yo lage privye a. Men, yo pat kapab rale l sòti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. 7Disip #Jan 13.23 Jezi te renmen an di Pyè konsa:
— Se Senyè a wi.
Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Senyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l nan dlo a. 8Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pat twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. 9Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. 10Jezi di yo:
— Pote kèk pwason nan sa nou fenk sot pran yo.
11Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale privye a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pat chire. 12Jezi di yo:
— Vin manje.
Yo yonn nan disip yo pat gen kouray mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Senyè a. 13Jezi #Jan 6.11 pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou.
14Sa #Jan 20.19,26 te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te leve sòti vivan nan lanmò.
Jezi ak Pyè
15#Jan 1.42 yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen plis pase moun sa yo?
Simon Pyè reponn:
— Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Pran swen ti mouton mwen yo.
16Li #1 Pyè 5.2,4 mande li yon dezyèm fwa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen?
Li reponn li:
— Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Fè ou gadò mouton mwen yo.
17Apre #Jan 13.38; 16.30 sa, li mande li yon twazyèm fwa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen?
Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li:
— Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Pran swen mouton mwen yo. 18Sa #Mat 16.22; 26.39 m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn, ou te konn fè tout zafè ou poukont ou. Ou te konn ale kote ou vle poukont ou. Men lè w'a fin granmoun nèt, w'a leve bra ou, se moun ki va pase sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle.
19(Lè #Jan 13.36 Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè ta pral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.)
Apre sa, Jezi di li:
— Swiv mwen.
Jezi ak disip li te renmen an
20Pyè #Jan 13.23 vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Senyè, ki moun ki pral trayi ou la? 21Se konsa, Pyè wè l ap vini, li mande Jezi:
— Senyè, e nonm sa a, kisa k pral rive li?
22Jezi reponn li:
— Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.
23Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pat di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l konsa: Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou?
24Se #Jan 15.27 menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.
Yon dènye mo pou fini
25Jezi #Jan 20.30 te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.

Chwazi Kounye ya:

Jan 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an