Jan 21:1-14

Jan 21:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. Simon Pyè di: — Mwen pral lapèch. Yo di li: — Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. Li te konmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pat rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: — Mesye m yo, eske nou pran pwason? Yo reponn li: — Non, nou pa pran anyen. Li di yo: — Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pat kapab rale l sòti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: — Se Senyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Senyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pat twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: — Pote kèk pwason nan sa nou fenk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale privye a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pat chire. Jezi di yo: — Vin manje. Yo yonn nan disip yo pat gen kouray mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Senyè a. Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou. Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te leve sòti vivan nan lanmò.

Pataje
Li Jan 21

Jan 21:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, Jésus se montre encore à ses disciples, au bord du lac de Tibériade. Voici comment il se montre à eux. Simon-Pierre, Thomas appelé le Jumeau, Nathanaël qui est du village de Cana en Galilée, les fils de Zébédée et deux autres disciples sont ensemble. Simon-Pierre leur dit : « Je vais à la pêche. » Ils lui disent : « Nous aussi, nous venons avec toi. » Ils partent et ils montent dans la barque, mais cette nuit-là, ils ne prennent rien. Quand il commence à faire jour, Jésus se tient au bord de l’eau, mais les disciples ne savent pas que c’est Jésus. Jésus leur dit : « Eh, les enfants, est-ce que vous avez du poisson ? » Ils lui répondent : « Non. » Jésus leur dit : « Jetez le filet à droite de la barque, et vous trouverez. » Ils le jettent et ils prennent tellement de poissons qu’ils ne peuvent plus tirer le filet de l’eau. Alors le disciple que Jésus aime dit à Pierre : « C’est le Seigneur ! » Quand Simon-Pierre entend : « C’est le Seigneur », il met son vêtement de dessus, parce qu’il l’avait enlevé, et il se jette dans l’eau. Les autres disciples reviennent avec la barque, en tirant le filet plein de poissons. Ils ne sont pas très loin du bord, à 100 mètres environ. Ils descendent à terre et là, ils voient un feu avec du poisson dessus et du pain. Jésus leur dit : « Apportez donc quelques poissons que vous venez de prendre. » Simon-Pierre monte dans la barque et il tire sur la terre le filet plein de 153 gros poissons. Le filet ne se déchire pas, pourtant, il y a beaucoup de poissons. Jésus dit aux disciples : « Venez manger ! » Aucun des disciples n’ose lui demander : « Qui es-tu ? » Ils savent bien que c’est le Seigneur. Jésus s’approche. Il prend le pain et le donne aux disciples. Il leur donne aussi du poisson. C’est la troisième fois que Jésus se montre aux disciples depuis qu’il s’est réveillé de la mort.

Pataje
Li Jan 21

Jan 21:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile a. Men kijan sa te pase: Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.” Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen. Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. Li di yo: “Mesye m yo, nou pa gen anyen ki ka manje?” Yo reponn li: “Non.” Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l. Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt konsa. Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.” Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an. Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Pataje
Li Jan 21

Jan 21:1-14 New International Version (NIV)

Afterward Jesus appeared again to his disciples, by the Sea of Galilee. It happened this way: Simon Peter, Thomas (also known as Didymus), Nathanael from Cana in Galilee, the sons of Zebedee, and two other disciples were together. “I’m going out to fish,” Simon Peter told them, and they said, “We’ll go with you.” So they went out and got into the boat, but that night they caught nothing. Early in the morning, Jesus stood on the shore, but the disciples did not realize that it was Jesus. He called out to them, “Friends, haven’t you any fish?” “No,” they answered. He said, “Throw your net on the right side of the boat and you will find some.” When they did, they were unable to haul the net in because of the large number of fish. Then the disciple whom Jesus loved said to Peter, “It is the Lord!” As soon as Simon Peter heard him say, “It is the Lord,” he wrapped his outer garment around him (for he had taken it off) and jumped into the water. The other disciples followed in the boat, towing the net full of fish, for they were not far from shore, about a hundred yards. When they landed, they saw a fire of burning coals there with fish on it, and some bread. Jesus said to them, “Bring some of the fish you have just caught.” So Simon Peter climbed back into the boat and dragged the net ashore. It was full of large fish, 153, but even with so many the net was not torn. Jesus said to them, “Come and have breakfast.” None of the disciples dared ask him, “Who are you?” They knew it was the Lord. Jesus came, took the bread and gave it to them, and did the same with the fish. This was now the third time Jesus appeared to his disciples after he was raised from the dead.

Pataje
Li Jan 21

Jan 21:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quelque temps après, Jésus se montra encore aux disciples sur les bords du lac de Tibériade. Voici dans quelles circonstances. Simon Pierre, Thomas appelé le Jumeau, Nathanaël de Cana en Galilée, les fils de Zébédée et deux autres disciples se trouvaient ensemble. Simon Pierre dit aux autres : Je m’en vais pêcher. – Nous aussi. Nous y allons avec toi, lui dirent-ils. Et les voilà partis. Ils montèrent dans un bateau, mais la nuit s’écoula sans qu’ils attrapent un seul poisson. Déjà le jour commençait à se lever, et voici : Jésus se tenait debout sur le rivage. Mais les disciples ignoraient que c’était lui. Il les appela : Hé ! les enfants, avez-vous pris du poisson ? – Rien, répondirent-ils. – Jetez le filet du côté droit du bateau, leur dit-il alors, et vous en trouverez. Ils lancèrent donc le filet et ne purent plus le remonter, tellement il y avait de poissons. Le disciple que Jésus aimait dit alors à Pierre : C’est le Seigneur. En entendant que c’était le Seigneur, Simon Pierre, qui avait enlevé sa tunique pour pêcher, la remit et se jeta à l’eau. Les autres disciples regagnèrent la rive avec le bateau, en remorquant le filet plein de poissons, car ils n’étaient qu’à une centaine de mètres du rivage. Une fois descendus à terre, ils aperçurent un feu de braise avec du poisson dessus, et du pain. Jésus leur dit : Apportez quelques-uns de ces poissons que vous venez de prendre. Simon Pierre remonta dans le bateau et tira le filet à terre. Il était rempli de cent cinquante-trois gros poissons et, malgré leur grand nombre, le filet ne se déchira pas. – Venez manger, leur dit Jésus. Aucun des disciples n’osa lui demander : « Qui es-tu ? » Ils savaient que c’était le Seigneur. Jésus s’approcha, prit le pain et le leur distribua, puis il fit de même pour le poisson. C’était la troisième fois que Jésus se montrait à ses disciples, après sa résurrection.

Pataje
Li Jan 21