Jeremi 49:7-39

Jeremi 49:7-39 HAT98

Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: — Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo! Nou menm moun lavil Dedan, kouri ale! Ale kache kò nou nan twou wòch! Mwen pral fini ak moun Ezayi yo, Paske lè pou m' regle ak yo a rive. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen. Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezayi yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinay yo pral disparèt. Pa gen pèsonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen. Men sa Senyè a di ankò: — Ata moun ki pa merite pou m pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen sèmante m'ap fè Bozra tounen yon dezè, yon vye pil mazi. Moun ap pase l nan betiz, y'ap sèvi ak non l pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinay li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan. Jeremi di ankò: — Mwen te tande mesay Senyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y'al goumen avè l. Senyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pèsonn p'ap respekte nou. Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Senyè a menm ki di sa. Senyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè. Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pèsonn p'ap rete la. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Tankou yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m? Konsa, koute sa mwen sòti pou m fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo. Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo. Tankou malfini k'ap vole ak zèl yo tou louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon pral anba kè sere tankou fanm tranche pran li. Men sa Senyè a di sou peyi Damas: — Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Yo ajite tankou lanmè, Yo pa ka rete anplas. Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche. Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l. Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la. Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nebikadneza, wa Babilòn lan. Men mesay Senyè a bay sou yo: — Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo. Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè. Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l kraze nou. Li sòti pou l fini ak nou. Men sa Senyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo te alèz san okenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san okenn pwoteksyon. Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit yo ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun ak cheve kout sa yo. Kote yo pase, m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pèsonn p'ap rete ladan l ankò. Okenn moun p'ap viv la. Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fenk moute wa nan peyi Jida. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a. M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo. M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki sòti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo. M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fòtèy mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an