Jeremi 46

46
1Men mesay Senyè a bay pwofèt Jeremi #Jer 1.5 sou lòt nasyon yo:
Mesay sou peyi Lejip
2Mesay #2 Wa 23.29; Jer 25.1 sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nebikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida.
3Ofisye #Jer 51.11; Jer 6.25 lame Lejip la ap bay lòd:
— Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou!
Annavan pou batay la!
4Sele chwal yo.
Kavalye, moute sou yo.
Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou.
File pwent frenn nou yo.
Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou.
5Senyè a ap mande:
— Kisa nou wè la a?
Yo pè, y'ap kouri tounen,
yo kraze vanyan sòlda yo anba kou!
Y'ap kouri met deyò san gad dèyè.
Toupatou tout moun pè.
6Sa ki kouri yo p'ap sove,
vanyan sòlda yo p'ap chape.
Nan nò, bò larivyè Lefrat la,
yo bite, yo tonbe.
7Kilès #Eza 8.7,8; Jer 47.2 sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann,
tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou?
8Se #Eze 32.2 peyi Lejip k'ap gonfle kò l konsa, tankou dlo larivyè Nil,
tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou.
Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè.
M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo.
9Bay #Eza 66.19; Eze 27.10; Na 3.2 chwal yo lòd pou yo ale.
Bay cha lagè yo lòd pou yo woule.
Voye sòlda yo al goumen:
moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo
ak plak pwotèj yo sou bra yo,
ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.
10Paske, #Eza 1.24; 34.5,6; Jer 50.15; Jowèl 1.15 sa se jou Senyè ki gen tout pouvwa a.
Se jou revanj li.
Li pral tire revanj li sou lènmi l yo.
Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò.
Li pral bwè san yo jouk vant li plen.
Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Senyè a,
Bondye ki gen tout pouvwa a,
nan nò, bò larivyè Lefrat.
11Nou #Jer 8.22; Eze 30.21 menm moun peyi Lejip,
moute nan peyi Galarad, al chache renmèd!
Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou.
Pa gen geri pou nou.
12Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an.
Toupatou sou latè yo tande rèl nou.
Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt,
y'ap tonbe atè ansanm.
Nebikadneza anvayi peyi Lejip
13Men #Jer 43.10,11; Eze 29.10 mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nebikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:
14— Fè #Jer 44.1 piblikasyon nan tout peyi Lejip la.
Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis
ak lavil Tapanès konnen.
Di yo: Leve non, pare pou defann nou.
Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.
15Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? #46.15: Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la. Men, tèks ebre a bay: Poukisa towo bèf nou yo tonbe atè?
Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt?
Se Senyè a ki lage l atè!
16Li #Lev 26.37 fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt.
Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou!
Ann chape anba nepe lènmi yo!
17Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non.
Yo rele l: Paladò.
Li kite lè a pase!
18Mwen #Jij 4.6; 1 Wa 18.42,44; Jer 48.15 menm Senyè ki gen tout pouvwa a,
se mwen ki wa. Men sa m di:
Se mwen ki Bondye vivan an.
Moun k'ap vini pou atake nou an
ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo,
tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.
19Nou menm moun peyi Lejip,
mare pakèt nou pou yo depòte nou!
Lavil Menmfis pral tounen yon dezè,
yon bann miray kraze, san pèsonn ladan l.
20Peyi #Jer 1.13; Oze 10.11 Lejip te tankou yon bèl gazèl.
Men, yon tanwan sòti nan nò vin atake l.
21Peyi #Jer 50.27 Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li.
Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje.
Yo menm tou yo pa kanpe goumen.
Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò,
lè jou malè yo rive sou yo,
lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.
22Peyi #Eza 10.34; 14.8; 29.4 Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun,
l'ap kouri ale lè lame lènmi l yo ap pwoche.
Y'ap atake l ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa.
23Yo #Jij 6.5 mete tout gwo rakbwa yo atè,
rakbwa kote moun pat ka antre a.
Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo.
Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt.
Se Senyè a menm ki di sa.
24Moun Lejip yo wont,
pèp ki sòti nan nò a kraze yo.
25Men #Jer 43.12 sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò:
— Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li. 26M'ap #Jer 44.30; Eze 29.13-14; 32.11 lage yo nan men moun ki sòti pou touye yo a, nan men Nebikadneza, wa Bibilòn lan, ak lame moun pa l yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a ap delivre pèp li a
27Nou #Jer 30.10,11 pa bezwen pè,
nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an.
Nou pa bezwen tranble,
nou menm moun pèp Izrayèl yo.
M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo.
M'ap vin sove pitit nou yo
nan peyi kote yo te depòte nou an.
N'ap tounen lakay nou
pou nou viv ak kè poze,
san pèsonn pa chache nou kont ankò.
28Nou #Jer 10.24 menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè.
M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou.
Se Senyè a menm ki di sa.
M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo.
Nou menm, mwen p'ap detwi nou.
Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt.
Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 46: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte