Jeremi 45

45
Yon mesay pou Bawouk
1Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija, t'ap #Jer 32.12; 36.1,4,18 ekri mesaj pwofèt Jeremi t'ap dikte li yo, jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm ane depi li te wa peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:
2— Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesay sou ou, Bawouk. 3Ou #Sòm 6.6; Jer 36.26; Lam 1.3; 5.5 te di: Ala devenn pou mwen! Senyè a mete lafliksyon sou traka m te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm! 4Enben, #Eza 5.5 men mesay Senyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Senyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. M'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! 5Epi #Sòm 131.1,2; Jer 25.29; 39.18; Wòm 12.16 ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 45: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte