Jeremi 4

4
Bondye mande pèp la chanje
1Men sa Senyè a di ankò:
— Nou #Jowèl 2.12 menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre,
se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen.
Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m,
si nou sispann lage kò nou nan raje,
2si #Det 6.13; Sòm 72.17; Eza 65.16; 1 Kor 1.31 nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman,
si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis,
si nou fè sa ki dwat,
lè sa a, tout nasyon yo va mande m pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.
3Men #Oze 10.12; Mak 4.7 sa Senyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo:
Fè bwa nèf.
Pa plante nan pikan.
4Nou #Det 10.16; 28.20; Jer 9.26; Wòm 2.28,29 menm ki pote mak kontra m lan nan kò nou,
kenbe kontra nou fè avè m lan.
Louvri kè nou ban mwen,
nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm.
Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè.
Tankou yon dife, m'ap boule nou,
poutèt tout move bagay nou fè yo.
Lè sa a, pèsonn p'ap ka sove nou anba men m.
Avètisman pou peyi Jida
5Mache #Jer 6.1; 8.14; Oze 5.8 pale tout moun nan peyi Jida a.
Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo!
Kònen twonpèt nan tout peyi a.
Rele byen fò. Di yo pou yo sanble,
pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.
6Ba #Jer 1.14 yo direksyon mòn Siyon an!
Kouri al kache! Pa mize sou wout!
Mwen menm, Senyè a, m ap fè yon malè sòti nan nò.
Li pral fè gwo dega.
7Tankou #Jer 2.15 yon lyon ki sòti nan kachèt li anba raje,
moun ki pral detwi nasyon yo derape.
Li kite lakay li, l'ap ven devaste peyi Jida a.
L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
8Se #Sòm 78.49; Eza 13.9-13; 22.12; Lam 2.10 poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou!
Paske se pa ti move Senyè a move, li p'ap fè pa nou!
9Senyè a di konsa:
— Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouray.
Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di.
10#1 Wa 22.22; Eze 14.9 sa a, mwen di: Aaa! Senyè, Bondye!
Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt.
Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm,
epi se yon nepe ou voye pou touye yo.
11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan:
Men yon van byen cho k'ap soufle sòti nan dezè a.
L'ap desann sou moun pèp Jida yo.
Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.
12Men #Jer 1.16 se yon gwo van m'ap fè sòti laba a.
Kounyeya se mwen menm, Senyè a, ki pral ba yo santans yo.
Lènmi sènen peyi Jida
13Gade! #Eza 5.28; Jer 9.19; Lam 4.19 Men lènmi yo ap vini tankou nyaj nan syèl la.
Cha lagè yo tankou yon van siklòn.
Chwal yo pi rapid pase malfini.
Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!
14Moun #Sòm 51.2,7; Eza 1.16; Jak 4.8 Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove.
Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
15Depi #Jer 8.16 lavil Dann y'ap bay nouvèl la.
Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.
16Y'ap avèti tout nasyon yo.
Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l.
Lènmi #4.16: lènmi: Men tèks ebre a bay yon mo ki vle di gad Osinon faksyonè. ap sòti nan yon peyi byen lwen.
Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.
17Yo #2 Wa 25.1-4; Jer 6.3 pral sènen lavil Jerizalèm
tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Senyè a.
Se Senyè a menm ki di sa.
18Jida, #Eza 50.1; Jer 2.19 se lenkondit ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa.
Se mechanste ou ki fè sa rive ou.
Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.
Jeremi nan lapenn pou pèp la
19Ay! #Jer 9.1; Aba 3.16 Vant mwen! Vant mwen!
Tout anndan m ap fè m mal!
Kè mwen ap bat byen fò.
M pa ka pa pale.
Mwen tande twonpèt lagè a
ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
20Y'ap #Jer 10.20; Eze 7.26 anonse malè sou malè!
Y'ap fini ak tout peyi a.
Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo.
Yo demoli tout kay andeyò nou yo. #4.20: Yo demoli tout kay andeyò nou yo: Osinon yo chire tout drapo nou yo.
21Kilè m'a wè bout batay la?
Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
22Senyè a #Sòm 36.3; Eza 1.3,16,17; Wòm 16.19 di konsa:
Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m!
Se yon bann timoun, lespri yo bouche!
Yo pa konprann anyen!
Yo fò nan fè sa ki mal ase.
Yo pa konn fè sa ki byen.
Jeremi wè malè k'ap vini an
23Mwen #Jen 1.2; Eza 5.30 li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li!
Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm!
24Mwen #Na 1.5 gade mòn yo, yo t'ap tranble!
Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agòch!
25Mwen #Sof 1.3 gade, m pa wè yon moun.
Tout zwazo yo met deyò.
26Bèl #Sòm 107.34 jaden yo tounen dezè.
Tout vil yo boule rapyetè.
Se travay Senyè a
paske Senyè a move anpil.
27Men #Ney 9.31; Jer 5.18 sa Senyè a di:
Se pou tout tè a tounen dezè.
Men, mwen p'ap fin detwi l nèt.
28Tè a #Nonb 23.19; Eza 50.3; Oze 4.3 nan lapenn.
Syèl la tou nwa.
Senyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di.
Li fin pran desizyon l, li p'ap chanje lide.
29Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo,
tout moun nan lavil la pran kouri.
Gen ki kouri al kache nan bwa.
Gen ki kouri moute nan wòch yo.
Tout lavil yo san moun ladan yo.
Pa gen yon moun ki rete la ankò.
30Ou #2 Wa 9.30; Lam 1.2,19; Eze 23.22 menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè?
W'ap mete bèl rad wouj sou ou?
W'ap mete tout bijou ou yo?
W'ap pentire po je ou?
Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen.
Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou!
Yo sòti pou yo touye ou.
31Mwen #Eza 1.15; 13.8; Lam 1.17 tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche,
rèl fanm k'ap fè premye pitit li.
Se rèl moun lavil Jerizalèm yo
k'ap chache pran souf.
Y'ap lonje men yo. Y'ap rele:
— Anmwe! Nou pa kapab ankò!
Men y'ap fin touye nou.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte