Jeremi 3

3
Izrayèl la derefize kenbe pawòl li
1Senyè a di ankò:
— Lè #Det 24.1-4 yon nonm divòse ak madanm li,
si apre madanm lan fin kite avè l,
l'al fè afè ak yon lòt gason,
eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò?
Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a?
Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl,
nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm
pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye.
Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen?
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
2Leve #Eze 16.25 je nou, gade tèt mòn yo!
Eske gen yonn ladan yo kote nou pat aji
tankou yon fanm k'ap fè jennès?
Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason,
tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo.
Nou avili tout peyi a ak lenkondit nou ansanm ak mechanste nou yo.
3Se #Det 28.24; Jer 6.15; 8.12 poutèt sa pat gen lapli.
Lapli prentan yo pa vini.
Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.
4Kounyeya menm, n'ap vin di m:
O wi, se mwen ki papa nou,
nou te toujou renmen m depi lè nou te piti.
5Nou #Sòm 103.9 konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan,
mwen p'ap kenbe nou nan kè m.
Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di.
Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.
Bondye mande Izrayèl ak Jida chanje
6Yon #Jer 2.20 lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa:
— Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye. 7Mwen #Eze 16.46; 23.4 t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men li pa tounen. Jida, sè li a ki pa te kenbe pawòl li avè m', wè sa. 8Li #2 Wa 17.19; Oze 1.6,9; Mat 19.7 wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès. 9Li #Jer 2.27 pat wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondit li. L'al fè sèvis pou wòch ak pyebwa. 10Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
11Apre #Eze 16.51,52 sa, Senyè a di konsa:
— Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m. 12Ale #Det 30.1-10; Sòm 86.5,15 nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen:
Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen.
Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou.
Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
13Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon.
Nou pat kenbe pawòl nou avè m, Senyè a, Bondye nou an!
Nou te al toupatou, anba tout kalite pyebwa,
pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo.
Nou pat koute m lè mwen t'ap pale nou.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
14Nou #Eza 54.5; Oze 2.19 menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an. 15M'ap #Jer 23.4; Eze 34.23; Tra 20.28 ban nou chèf k'ap fè tou sa m vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou. 16Apre sa, lè m'a fè n peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Senyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt. 17#Eza 2.2; 60.9; Jer 7.24; 9.14; 11.8 sa a, y'a rele Jerizalèm Fòtèy Senyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Senyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.
18#Eza 11.13; Jer 16.15; 50.4; Oze 1.11; Am 9.15 sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a sòti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.
Pèp Bondye a al dèyè lòt bondye
19Senyè a #Eza 63.16 te di ankò:
— Jan m ta renmen asepte ou pou pitit mwen!
Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay,
peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè,
peyi ki t'ap rele ou pa ou.
Mwen t'ap di nan kè m yo pral rele m papa.
Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.
20Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l,
nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
21Yo #Jer 31.9 tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo:
Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele.
Paske yo fin pèdi tèt yo,
yo bliye Senyè a, Bondye yo a.
22Tounen #Jer 30.17 vin jwenn mwen non,
nou tout ki te vire do bay Bondye.
M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo.
Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou.
Wi, se ou menm Senyè a ki Bondye nou!
23Se #Sòm 3.8; 121.1,2 pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo.
Yo pa ka fè anyen pou nou.
Wi, se Senyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.
24Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la
fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou:
bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.
25Se #Esd 9.6,7; Eze 2.3 pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont.
Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt!
Wi, ni nou ni zansèt nou yo,
depi nou tou piti rive jouk jòdi a,
n'ap fè sa ki mal devan Senyè a, Bondye nou an.
Nou pa koute Senyè a, Bondye nou an,
pou nou fè sa l mande nou fè.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte