Jeremi 16

16
Sa Bondye vle pou Jeremi
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Penga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa. 3Paske se mwen menm Senyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a. 4Move #Jer 7.33; 14.12; 15.2; 25.33 maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa.
5Wi, #Eze 24.16-23 men sa Senyè a di ankò:
— Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pèsonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò.
Se mwen Senyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò. 6Tout #Lev 19.28; Jòb 1.20 moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pèsonn p'ap kriye pou yo. Pèsonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo. 7Pèsonn #Det 26.14; Oze 9.4 p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pèsonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo.
8Ni tou, pa antre nan kay kote y'ap fè fèt. Pa chita pou nan manje bwè ak yo. 9Paske #Jer 7.34 men sa mwen menm, Senyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye.
10#Jer 5.19; 13.10 w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Senyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Senyè a, Bondye nou an, plezi?
11#2 Wa 22.17 sa a, w'a reponn yo:
— Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo. 12Lèfini, #Jer 3.17; 7.26 nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m.
13Se #Det 4.26-28; 28.36,64,65; Jer 15.14 konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.
Pèp la va tounen nan peyi a ankò
14Se #Jer 23.7,8 konsa, men sa Senyè a di:
— Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Senyè a ki vivan, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip. 15#Eza 43.5,6; Jer 30.3 sa a, y'a di pito: Se nan non Senyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.
Chatiman pou moun k'ap fè mal
16Senyè a #Am 4.2; Aba 1.15 di ankò:
— Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch. 17Je m #Jòb 34.21; Sòm 51.9; 90.8; Jer 32.19 louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal. 18Pou #Eza 40.2; Eze 43.7-9 konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.
Jeremi gen konfyans nan Bondye
19Senyè, #2 Sam 22.33; Sòm 65.2; Eza 25.4; 49.6,22,23; Jer 17.17 ou menm ki tout pwoteksyon mwen,
ou menm ki ban m tout fòs mwen,
se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm.
Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè
pou yo vin nan pye ou. Y'a di:
— Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon.
Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
20Eske #Jer 2.11; 1 Kor 8.4 moun ka fè bondye pa yo?
Zidòl sa yo pa bondye tout bon.
21Se #Jer 33.2 konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann.
Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen.
Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte