Jeremi 15

15
Malè pou moun peyi Jida yo
1Lè sa a, Senyè a di m konsa:
— Menm #1 Sam 7.9; 12.23; Sòm 99.6; 106.23; Jer 15.19; Eze 14.14 si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m. Fè yo ale. 2#Jer 14.12; Eze 5.12 y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo:
Men sa Senyè a di:
Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi!
Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè!
Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou!
Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
3Mwen #Det 28.26; Lev 26.16-22; Rev 6.8 pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwazo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo. 4M'ap #Det 28.25; Jer 24.9 fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.
5Senyè a #Eza 51.19 di:
— Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm?
Ki moun ki va pran lapenn pou nou?
Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou?
6Se #Det 32.15; Jer 7.24 nou menm ki voye m jete.
Se Senyè a menm ki di sa.
Se nou menm ki vire do ban mwen.
Se konsa, mwen leve men m sou nou pou m detwi nou,
paske mwen bouke pran pasyans ak nou.
7Nan #Eza 41.16; Jer 5.3; Am 4.6,8-11; Mat 3.12 tout ti bouk nan peyi a,
mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay.
Mwen detwi pèp mwen an,
mwen kite yo san pitit.
Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.
8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a
pase gen grenn sab bò lanmè.
Mwen touye jenn gason nou yo ki te fenk parèt nan lavi a.
Mwen mete manman yo nan lapenn.
M rete konsa m ba yo kè sere ak kè sote. #15.8: Mwen touye jenn gason…ak kè sote: Osinon Gwo midi, mwen fè jenn sòlda tonbe mouri nan lagè, manman pitit yo rete nan lapenn, mwen ba yo kè sere ak kè sote.
9Manman #1 Sam 2.5; Am 8.9 ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans.
Souf li kout.
Gwo midi, solèy kouche pou li.
Li wont, li pa konn sa pou l fè ankò.
M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo
nan men lènmi k'ap touye yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Jeremi plenn sò li bay Bondye
10Ala #Egz 22.25; Jer 20.14 yon malè pou mwen!
O manman mwen, poukisa ou te fè m?
Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a.
Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun.
Malgre sa, tout moun ap ban m madichon.
11 # 15.11: Vèsè sa a pa fin klè nan tèks ebre a. Senyè, se pou tout madichon yo rive m vre
si mwen pa sèvi ou byen,
si mwen pat plede avè ou pou tout lènmi m yo,
lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sa k pa bon.
12 # 15.12: Nan tan sa a se nan nò peyi Palestin ak nan Ti Lazi a yo te jwenn fè ak tout kalite bagay yo fè ak fè. Pèsonn #Jer 1.13 pa ka kraze bout fè k'ap sòti nan nò a,
fè ki melanje ak kwiv la.
13Senyè a #Sòm 44.12; Jer 17.3 di m ankò:
— M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an,
m'ap lage yo nan piyay.
Se konsa yo pral peye pou tout peche
yo te fè toupatou nan peyi a.
14M'ap #Det 32.22; Jer 9.16; 16.13; 17.4; 22.28 fè nou tounen domestik lènmi nou yo
nan yon peyi nou pa konnen,
paske nou fè m fè kòlè.
Tankou yon dife m'ap boule nou.
Jeremi ap pale ak Bondye
15#Jij 16.28; Sòm 69.7 sa a mwen di:
— Ou menm, Senyè, ou konn tout bagay.
Pa bliye m non! Vin pote m sekou!
Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m yo!
Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gentan touye m.
Chonje se poutèt ou y'ap joure m konsa!
16#Sòm 119.111,162; Jer 14.9; Eze 3.1,3; Rev 10.9,10 ou pale avè m,
mwen koute tou sa ou di m.
Pawòl ou yo, se tout plezi m. Yo fè kè m kontan,
paske yo mete m apa pou ou,
Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
17Mwen #Sòm 102.7; Lam 3.28 pa pèdi tan m chita ak moun k'ap bay blag
pou m pran plezi m ak yo.
Ou te pran m anba ponyèt ou.
M mete kò m sou kote,
paske ou te fè m fache menm jan avè ou!
18Poukisa #Jòb 6.15; Jer 30.15 m'ap soufri san rete konsa?
Poukisa kote m blese a pa ka geri?
M pa ka jwenn renmèd pou li.
Gen lè ou sòti pou ou woule m?
Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l vle.
19Men #Jer 3.14; 15.1 sa Senyè a reponn mwen:
— Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou,
w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m.
Si ou sispann pale anlè
pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase,
m'a fè ou pale pou mwen ankò.
Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou.
Ou p'ap bezwen al dèyè yo.
20M'ap #Jer 1.8,18,19; 20.11 fè ou kanpe devan moun sa yo
tankou yon miray fèt an kwiv byen solid.
Y'a goumen avè ou,
men yo p'ap ka fè ou anyen.
M'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou,
pou m delivre ou.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
21M'ap #Eza 49.25 delivre ou anba men mechan yo,
m'ap fè ou sòti anba ponyèt lwijanboje yo.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte