Jeremi 13

13
Sentiwon lenn lan
1Senyè a pale avè m, li di m #Tra 21.11 konsa:
— Al achte yon sentiwon lenn, mare l nan ren ou. Men, piga ou tranpe l nan dlo.
2Se konsa m achte yon sentiwon jan Senyè a te di m lan. Mwen mare l nan ren mwen. 3Apre sa, Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
4— Pran sentiwon lenn ou te achte a, sa ki mare nan ren ou lan, ale bò larivyè Lefrat la. W'a kache l nan yon fant wòch.
5Mwen leve vre, male bò larivyè Lefrat la, mwen kache l jan Senyè a te ban m lòd la. 6Apre yon bon ti tan, Senyè a di m konsa:
— Leve non! Tounen bò larivyè Lefrat la, al pran sentiwon mwen te ba ou lòd kache a.
7Se #Eze 15.4,5 konsa, male bò larivyè Lefrat la, mwen chache, mwen pran sentiwon an kote m te kache l la. Men, li te gate, li pat vo anyen ankò. 8Lè sa a, Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
9— Men #Lev 26.19 ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo. 10Moun #Jer 3.17 sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò. 11Menm #Egz 19.5; Jer 33.9; Sof 3.20 jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m, pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m. Se Senyè a menm ki di sa.
Potich diven an
12W'a di yo pawoli sa a: Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l. Y'a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l. Se bagay nou konnen. 13#Jer 17.20; 18.18; 22.2; Eze 23.33 sa a w'a di yo: Men sa mwen menm Senyè a, mwen di: Mwen pral plen vant tout moun nan peyi a ak diven jouk yo sou, depi wa a ki chita sou fòtèy David la, prèt yo, pwofèt yo, jouk dènye moun ki rete lavil Jerizalèm. 14Apre #Sòm 2.9; Jer 19.10,11 sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.
Pa kite lògèy vire tèt nou
15Nou menm pèp Izrayèl, Senyè a ap pale,
louvri zòrèy nou pou nou tande!
Pa fè gwo kòlèt!
16#Joz 7.19; Eza 5.30; 8.22; Jan 11.10 lwanj Senyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou,
pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la,
anvan li fè limyè nou t'ap tann lan
tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.
17Si #Jer 9.1,18; 14.17; Lam 1.16 nou pa koute l,
mwen pral kache kò m yon kote pou m kriye,
paske nou gen twòp lògèy.
Je m pral koule dlo, yo pral ponpe dlo,
paske yo pral fè pèp Senyè a prizonye, yo pral depòte yo.
Mesay pou wa a ak tout fanmi l
18Senyè a #2 Wa 24.12; Jer 22.26; Lam 5.16 di m konsa:
— Pale ak wa a ansanm ak manman l.
Di yo desann sòti sou fòtèy yo,
paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè. #13.18: tonbe atè: Dapre kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a pa klè.
19Yo #Joz 6.1 sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pèsonn pa ka pase.
Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.
20Jerizalèm, #Jer 1.13,14 leve je ou gade.
Gade lènmi ou yo k'ap desann sòti nan nò!
Kote moun ki te sou kont ou yo,
moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?
21Kisa #Eza 13.8 w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo
leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? #13.21: peyi ou: Dapre kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a pa klè.
Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.
22W'a #Jer 5.19; Lam 1.9; Na 3.5 mande tèt ou:
Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou?
Se paske sa ou te fè a te grav anpil
kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.
23Eske #Mat 19.26 moun etyopi ka rive chanje koulè po yo?
Eske leyopa ka rive efase takte ki sou po li?
Konsa tou, nou pa ka fè sa ki byen,
nou menm ki pran labitid fè sa ki mal.
24Mwen #Sòm 83.13 menm, Senyè a, mwen pral gaye yo
tankou pay van ap gaye nan savann.
25Senyè a #Jòb 20.29; Jer 2.32 di: Men sa k'ap tann nou.
Men sa mwen deside fè nou
paske nou te bliye m,
nou te al mete konfyans nou nan fo bondye.
26Se mwen menm menm ki pral leve
rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.
27Mwen #Eza 1.16; Jer 2.20; 5.8; Eze 24.13 te wè n'ap fè bagay mwen rayi.
Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun,
tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman,
nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo.
San okenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt
ti mòn yo ak nan laplenn.
Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre!
Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte