Jeremi 12

12
Jeremi ap pale ak Senyè a
1Ou menm Senyè, ou pa nan #Esd 9.15; Jòb 12.6; 21.7-15; Sòm 73.3-12; 92.7; Aba 1.13; Mal 3.15 patipri.
Mwen pa ka nan plede avè ou.
Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a.
Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa?
Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?
2Ou #Eza 29.13 plante yo, yo pran rasin.
Yo grandi, yo donnen.
Non ou toujou nan bouch yo!
Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou.
3Men, #Sòm 17.3; 139.1; 2 Pyè 2.12 ou menm Senyè, ou konn ki moun mwen ye,
ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m renmen ou.
Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa!
Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!
4Kilè #Sòm 107.34; Jer 9.10; 23.10; Oze 4.3; Wòm 8.22 n'a sispann wè tè a sèk?
Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen?
Zannimo yo ap mouri, zwazo yo ap depafini.
Tou sa, akòz mechanste pèp la
k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.
5Senyè a #Jer 49.19 di:
— Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun,
ki jan ou ka fè kouri ak chwal?
Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen,
si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze,
kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?
6Ata #Pwo 26.25; Jer 9.4; 11.19,21 frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou.
Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou.
Pa fè yo konfyans,
menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.
Senyè a gen lapenn pou pèp la
7Senyè a #Jer 11.15 di ankò:
— Mwen lage pèp Izrayèl la,
mwen voye pèp mwen te chwazi a jete,
mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.
8Pèp ki te rele m pa m lan vire do ban mwen.
Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen.
Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!
9Pèp #Eza 56.9; Jer 7.33; Eze 39.17 ki te rele m pa m lan tankou yon zwazo tout koulè,
malfini sènen l toupatou.
Ale non! Sanble tout bèt nan bwa.
Fè yo vini pran pa yo nan manje a!
10Yon #Eza 63.18; Jer 2.8; 6.3 bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an.
Yo kraze jaden m lan anba pye yo.
Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.
11Yo #Eza 42.25 fè l tounen yon savann.
Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l.
Tout peyi a tounen yon dezè,
san pèsonn pa di anyen.
12Moun sòti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye.
Paske Senyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt.
Pèsonn pa ka viv ak kè poze.
13Yo #Det 28.38; Eza 55.2; Jer 4.8,26; Lam 1.12; Mi 6.15; Aba 2.13 plante ble, yo rekòlte pikan.
Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen.
Yo wont, rekòt la pa bay anyen
paske Senyè a move anpil.
Senyè a pale sou vwazen Izrayèl yo
14Senyè a #Sòm 137.7 di ankò:
— Men sa Senyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l pa l la: Mwen pral rache yo sòti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo. 15Men, #Jer 48.47; 49.6 lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo. 16Si #Jer 4.2; 1 Pyè 2.5 lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m pou fè sèman sa a: Nan non Senyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen. 17Men, #Eza 60.12 si yon nasyon pa koute m, m'ap rache l, m'ap derasinen l, m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte