Jij 5

5
Kantik Debora ak Barak
1Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason #Egz 15.1 Obinoram lan, pran chante chante sa a:
2— Lwanj #2 Kwo 17.16 pou Senyè a,
lè moun pèp Izrayèl yo sòti pou yo goumen,
lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!
3Nou menm wa yo, koute sa m'ap di!
Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou!
Mwen pral chante pou Senyè a!
Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!
4Senyè! #Det 33.2; 2 Sam 22.8; Sòm 18.7; 68.7,8; 77.18; Na 1.5 Lè ou te kite mòn Seyi yo,
lè ou te sòti nan zòn peyi Edon an,
latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la.
Wi, nyaj yo pran lage dlo.
5Mòn #Egz 19.18; Sòm 97.5; Eza 64.1,3 yo pran tranble devan ou, Ou menm Senyè mòn Sinayi a,
Devan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
6Sou #Jij 3.31; 4.17; Eza 33.8 tan Chanmga, pitit gason Anat la,
ak sou tan Jayèl, bann machann yo
te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo.
Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen.
7Lavil peyi Izrayèl yo pat gen moun ladan yo ankò
pou pran defans yo.
Yo te rete san moun pou defann yo,
jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt
tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.
8#1 Sam 13.19,22 sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a.
Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye.
Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la.
Men, pat gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.
9Mwen kontan chèf k'ap konmande pèp Izrayèl la!
Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y'al goumen!
Lwanj pou Senyè a!
10Nou #Jij 10.4; 12.14; Zak 9.9 menm ki moute manman bourik blan yo,
nou menm ki chita sou bèl tapi,
nou menm k'ap mache apye sou gran chemen,
kalkile sa byen!
11Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo!
Y'ap rakonte tout bèl bagay Senyè a te fè,
bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la.
Lè sa a, pèp Senyè a te desann bò pòtay yo.
12Annavan! #Sòm 68.18; Ef 4.8 Debora! Annavan!
Annou wè! Chante yon chante! Annavan!
Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan!
Mennen prizonye yo vini!
13Lè sa a, sa ki pat vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo.
Pèp Senyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè.
14Yo #Nonb 32.39,40; Joz 17.1; Jij 12.15 sòti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, #5.14: nan fon an: Tèks ebre a bay nan peyi Amalèk la.
dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo.
Kòmandan lame yo desann sòti Maki,
jeneral yo sòti nan peyi Zabilon.
15Chèf #Jij 4.14 branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora.
Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou.
Yo swiv li nan tout plenn lan.
Men, moun branch fanmi Riben yo te divize.
Yo pat ka deside pou yo vini.
16Poukisa yo rete dèyè ak mouton yo?
Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo?
Wi, moun Riben yo te anbalan.
Yo pa te ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!
17Moun #Joz 13.24-28 Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an.
Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo.
Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a,
yo rete sou tout rivay yo.
18Men, #Jij 4.10 moun Zabilon yo ak moun Neftali yo
al brave danje kote batay la ye a.
19Wa #Joz 17.11; Jij 1.27; 2 Wa 23.29,30 yo vini, yo kwaze fè
bò Tanak, toupre sous dlo Megido a.
Wa peyi Kanaran yo goumen,
men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale!
Pa menm yon ti moso ajan!
20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen.
Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sizera.
21Dlo #Jij 4.7 ravin Kichon an desann pote yo ale.
Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa.
M'ap mache pran yo, je m byen kale!
22Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale.
Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.
23Zanj #Jij 21.9,10 Senyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz!
Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la.
Yo pat vin ede Senyè a,
yo pat voye sòlda goumen pou li.
24Nan #Jij 4.17; Lik 1.42 tout fanm ki sou latè,
Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil.
Wi, Jayèl, madanm Ebè, moun fanmi Kenit,
Nan tout fanm ki sou latè,
Se yon fanm Bondye beni anpil.
25Sizera #Jij 4.19 mande l dlo, li ba li lèt.
Li ba l yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.
26Li #Jij 4.21 pran yon pikèt tant nan men gòch li,
yon mato travayè nan men dwat li.
Li frape Sizera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li.
Li pèse tanp li, li touye l.
27Sizera tonbe sou jenou, li woule atè,
epi li mouri nan pye Jayèl.
Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo,
li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.
28Manman Sizera ap gade nan fennèt la.
L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande:
— Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a?
Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?
29Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li.
Li menm tou, li t'ap repete nan kè l:
30— Kounyeya yo #Egz 15.9; Sòm 68.12 dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo!
Yon fi, de fi pou chak sòlda,
bèl twal koulè byen bwode pou Sizera,
yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l mete nan kou l.
31Wi, #Nonb 10.35; Jij 3.11; Sòm 19.5; 68.1,2; 83.9,10; Da 12.3; Mat 13.43 Senyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri.
Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi.
Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Chwazi Kounye ya:

Jij 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte