Jij 4

4
Debora ak Barak
1Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo #Jij 2.19 rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Senyè a. 2#Joz 11.1,10; Jij 2.14; 1 Sam 12.9; Sòm 83.9 sa a, Senyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sizera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim. 3Li #Jij 1.19; 3.9 te gen nèfsan (900) cha lagè fèt ak fè. Pandan ventan, li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Senyè a.
4Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la. 5Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l pou l te regle tout bagay pou yo. 6Li #Joz 19.37; Jij 8.18; Eb 11.32 voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l konsa:
— Men lòd Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou. 7M'a #Jij 3.28; 4.13; 5.21; 1 Wa 18.40; Sòm 83.9 pral fè Sizera, kòmandan chèf lame wa Jaben an, vin fè lagè avè ou bò larivyè Kichon. L'ap vini avèk cha lagè li yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men m'ap lage li nan men ou.
8Barak di Debora:
— Si ou prale avè m, m'a prale. Men si ou pa prale avè m, mwen pa prale.
9Debora reponn:
— Bon. Dakò! M prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sizera, paske se yon fanm Senyè a ap fè touye l.
Epi Debora leve, l'ale lavil Kadès ansanm ak Barak. 10Barak #Jij 5.18 rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l. Debora ale avè l tou.
11#Nonb 10.29; Jij 1.16 sa a, te gen yon nonm nan fanmi kenit yo yo te rele Ebè. Li te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Saranayim. Li te wete kò li nan mitan lòt moun fanmi kenit yo, desandan Obab, bòpè Moyiz. #4.11: Obab bòpè Moyiz la: Li te rele Jetwo osinon Reouyèl tou.
12Y'al di Sizera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò. 13Sizera #Jij 4.3 fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon. 14Debora #Det 9.3; 2 Sam 5.24; Sòm 68.7; Eza 52.12 di Barak konsa:
— Annou wè! Jòdi a, se jou Senyè a pral lage Sizera nan men ou. Se Senyè a k'ap mache devan ou.
Se konsa, Barak desann sòti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l. 15#Egz 14.14; Joz 10.10 Barak parèt avèk lame l la, Senyè a lage yon sèl kè kase sou Sizera ak tout moun sou cha lagè l yo ansanm ak tout lame l la. Sizera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m manje m pa ba ou! 16Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sizera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.
17Sizera #Jij 5.24 kouri sou de pye li al bò tant Jayèl, moun branch fanmi kenit yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt. 18Jayèl sòti al kontre Sizera, epi li di l konsa:
— Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen.
Se konsa Sizera antre lakay Jayèl ki kache mesye anba yon gwo dra. 19Sizera #Jij 5.25 di li konsa:
— Tanpri, ban m' tigout dlo. Swaf ap touye mwen!
Jayèl debouche yon boutèy lèt, li vide tigout ba li bwè epi li kouvri l' kache li anba gwo dra a ankò.
20Sizera di l ankò:
— Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pèsonn.
21Sizera #Jij 5.26 te sitèlman bouke, dòmi vòlò li pote l ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato. Li vanse tou dousman bò Sizera. Li plante pikèt la nan tanp misye, li fè li travèse tèt Sizera pakanpak jouk li antre nan tè. Epi misye mouri frèt. 22Lè Barak rive bò kay la ap chache Sizera, Jayèl sòti vin kontre l, epi li di l:
— Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a!
Se konsa Barak antre avè l anba tant li a, li wè Sizera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
23Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la. 24Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l.

Chwazi Kounye ya:

Jij 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte