Jak 4

4
Moun ki zanmi lemonn
1Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan #Wòm 7.23; 1 Pyè 2.11 nou konsa? Kote sa sòti? Sa sòti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou. 2Nou anvi yon dal bagay, men nou pa ka posede yo. Lè konsa nou tou pare pou nou fè krim. Nou gen lanbi sou sa ki pa pou nou, men nou pa ka jwenn yo. Lè konsa se kont, se goumen. Nou pa jwenn sa nou bezwen paske nou pa mande Bondye. 3Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. 4Ala #Lik 6.26; Wòm 8.7; 1 Jan 2.15 bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye. 5Pa #Egz 20.3,5; Mat 6.24; Gal 5.17 konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li. #4.5: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li: Ou ankò Lespri Bondye mete nan nou an ap fè jalouzi anpil. Pa gen yon kote dirèk nan liv Ansyen Kontra yo kote nou ka jwenn pawòl sa yo. 6Men, #Pwo 3.34; Jòb 22.29; Mat 23.12; 1 Pyè 5.5 li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la:
Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo.
Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
7Se #Ef 6.12; 1 Pyè 5.8,9 poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. 8Pwoche #Zak 1.3; Eza 1.16 bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. 9Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. 10Desann #1 Pyè 5.6 nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
Pa pale frè nou mal
11Frè mwen yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun k'ap pale frè li mal, osinon k'ap jije frè li mal, se lalwa l'ap pale mal, se lalwa l'ap jije. Si w'ap kesyonnen lalwa, ou pa moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li. 12Se #Mat 7.1; Wòm 2.1; 14.4 Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?
Pa konte sou denmen
13Kounyeya, se #Pwo 27.1 ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. 14Nou #Lik 12.20; Sòm 39.5,11 pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. 15Okontrè, #Tra 18.21 men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa. 16Men, kounyeya nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa. 17Se #Lik 12.47; Wòm 14.23 poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè a, li fè peche.

Chwazi Kounye ya:

Jak 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an