1
Jak 4:7
1998 Haïtienne
Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
Konpare
Eksplore Jak 4:7
2
Jak 4:8
Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
Eksplore Jak 4:8
3
Jak 4:10
Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
Eksplore Jak 4:10
4
Jak 4:6
Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
Eksplore Jak 4:6
5
Jak 4:17
Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè a, li fè peche.
Eksplore Jak 4:17
6
Jak 4:3
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
Eksplore Jak 4:3
7
Jak 4:4
Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.
Eksplore Jak 4:4
8
Jak 4:14
Nou pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
Eksplore Jak 4:14
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo